Matye 26

26
Chèf yo ap fè konplo sou do Jezi
(Mak 14.1-2; Lik 22.1-2; Jan 11.45-53)
1Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip #Mat 7.28; 11.1; 13.53; 19.1 li yo:
2— Nou #Mak 14.1,2; Lik 22.1,2 konnen, #Mat 20.18 nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l sou kwa a.
3Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. 4Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li. 5Yonn t'ap di lòt:
— Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.
Yon fanm vide odè sou tèt Jezi
(Mak 14.3-9; Jan 12.1-8)
6Antan #Mak 14.3-9; Lik 7.36-50; Jan 12.1-8 Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, 7yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. 8Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di:
— Poukisa tout gaspiyay sa a? 9Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an.
10Jezi #Lik 11.7 vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa:
— Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. 11Paske, #Det 15.11 pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. 12Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. 13Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li.
Jida fè lide trayi Jezi
(Mak 14.10-11; Lik 22.3-6)
14#Mak 14.10,11; Lik 22.3-6 sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo. 15Li #Jan 11.57; Zak 11.12 di yo:
— Kisa n'a ban mwen si m fè nou pran Jezi?
Yo konte trant pyès lajan ba li. 16Depi #1 Tim 6.9,10 lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te ba yo Jezi.
Jezi manje manje Delivrans lan avèk disip li yo
(Mak 14.12-21; Lik 22.7-13,21-23; Jan 13.21-30)
17Premye #Mak 14.12-16; Lik 22.7-13 jou #Egz 12.18-20 fèt Pen San Ledven an, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li:
— Ki bò ou ta vle nou pare manje fèt Pak la pou ou?
18Li #Mat 21.3 reponn yo:
— Ale lavil la, kay entèl. N'a di l konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo.
19Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan.
20#Mak 14.17-26; Lik 22.14-23; Jan 13.21-26 solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. 21Antan yo t'ap manje, Jezi di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
22Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li:
— Eske se mwen menm, Mèt?
23Li reponn yo:
— Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. 24Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt.
25Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di:
— Mèt, eske se mwen menm?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
Dènye manje Jezi ak disip yo
(Mak 14.22-26; Lik 22.14-20; 1 Korent 11.23-25)
26Antan #Mat 14.19; 1 Kor 11.23-25 yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di:
— Pran, manje. Sa a se kò mwen.
27Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di:
— Se pou nou tout nou bwè ladan li. 28Paske, #Egz 24.8; Jer 31.31; Zak 9.11 sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. 29M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a.
30Apre #Sòm 113—118; Lik 22.39; Jan 18.1 yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la.
Jezi fè Pyè konnen jan li pral trayi li
(Mak 14.27-31; Lik 22.31-34; Jan 13.36-38)
31#Mak 14.27-31; Lik 22.31-34 sa a, #Zak 13.7; Jan 16.32 Jezi di disip li yo:
— Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. 32Men, #Mat 28.7 apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
33Pyè pran lapawòl, li di li:
— Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.
34Jezi #Jan 13.38 di li:
— Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
35Pyè #Mat 26.56 reponn li:
— Menm si m ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou.
Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Jezi ap lapriyè nan jaden Jetsemane
(Mak 14.32-42; Lik 22.39-46)
36Apre #Mak 14.32-42; Lik 22.40-46 sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo:
— Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.
37Li #Eb 5.7 pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. 38Li #Sòm 43.5; Jan 12.27 di yo:
— Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.
39L'al #Jan 18.11; Eb 5.8 yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa:
— O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
40Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa:
— Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! 41Pa #Eb 2.14; 4.15 kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
42Li kite yo, l'ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa:
— O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a.
43Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo. 44Li #2 Kor 12.8 kite yo, l ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo. 45Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di:
— N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo. 46Leve #Jan 14.31 non, ann ale. Men moun k'ap trayi m lan ap vini.
Arestasyon Jezi
(Mak 14.43-50; Lik 22.47-53; Jan 18.3-12)
47Jezi #Mak 14.43-50; Lik 22.47-53; Jan 18.3-12 t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. 48Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. 49Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li:
— Bonswa, Mèt.
Epi l bo Jezi. 50Jezi di li:
— Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. #26.50: Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li: Ou ankò Zanmi, sa k mennen ou isit la?
Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. 51Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. 52Jezi #Jen 9.6; Rev 13.10 di l konsa:
— Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. 53Ou #Jowèl 2.11 pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. 54Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.
55Apre sa, Jezi di foul moun yo:
— Nou vin dèyè m ak nepe ak baton tankou si m te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pat janm arete mwen. 56Men, #Mat 26.31 tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre.
Lè sa a, tout disip yo kite l, yo pran kouri.
Jezi devan Gran Konsèy jwif yo
(Mak 14.53-65; Lik 22.54-55,63-71; Jan 18.13-14,19-24)
57Moun #Mak 14.53-72; Lik 22.54-71; Jan 18.12-27 ki te arete Jezi yo mennen l kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini. 58Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l wè kouman sa ta pral fini.
59Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l amò. 60Men, yo pat kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li. 61Bout #Jan 2.19-21 pou bout, de moun parèt. Yo di:
— Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l ban nou.
62Granprèt la leve, li di Jezi:
— Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
63Jezi #Mat 27.12 pa louvri bouch li. Granprèt la di l ankò:
— Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
64Jezi #Sòm 110.1; Mat 16.27; 24.30; Da 7.13 reponn li:
— Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la.
65#Mat 9.3; Jan 10.33 sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di:
— L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye. 66Kisa #Jan 19.7; Lev 24.16 nou di nan sa?
Yo reponn:
— Li antò, se pou yo touye li.
67#Eza 50.6 sa a, yo pran krache nan figi l, yo tonbe ba l kout pwen. Gen ladan yo ki ba l souflèt. 68Yo di li:
— Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
Pyè trayi Jezi
(Mak 14.66-72; Lik 22.56-62; Jan 18.15-18,25-27)
69Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l, li di li konsa:
— Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.
70Men, Pyè demanti l devan tout moun, li di:
— Mwen pa konnen sa w'ap di la a.
71Apre sa, Pyè leve, l'ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo:
— Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.
72Pyè demanti li tou, li di:
— Anveritedye, mwen pa konnen nonm sa a.
73Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa:
— Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.
74Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo:
— Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a.
Menm lè a, kòk chante. 75Latou, #Mat 26.34 Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: Anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè sòti, li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.

Chwazi Kounye ya:

Matye 26: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an