Matye 25

25
Parabòl dis jennfi yo
1— Se konsa, nan peyi wa ki nan syèl la, #Lik 12.35,36; Rev 19.7 se va tankou istwa dis fidonè ki pran lanp yo soti al kontre lemarye. 2Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. 3Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa te pote gaz derezèv. 4Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. 5Pandan yo t'ap tann mesye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
6— Nan mitan lannwit lan, yon sèl rèl pati: Men lemarye! Ann al kontre li! 7Dis fidonè yo leve, yo pran pare lanp yo. 8Tèt chaje yo mande sa k gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. 9Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n'al achte nan men machann yo. 10Antan tèt chaje yo al achte gaz, lemarye vin rive. Senk fidonè ki te pare yo antre ansanm ak li nan kay nòs la epi yo fèmen pòt dèyè yo.
11— Pita, #Lik 13.25,27 lòt fidonè yo vin rive. Yo pran rele: Mèt! Mèt! Louvri pou nou non! 12Men #Mat 7.23 mesye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m pa konnen nou.
13Apre #Mat 24.42 sa, Jezi di yo:
— Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
Parabòl twa domestik yo
(Lik 19.11-27)
14— Vwala, #Lik 19.12-27 se #Mat 21.33 va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. 15Li #Wòm 12.6 bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. 16Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. 17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. 18Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la.
19— Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. 20Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. 21Mèt #Mat 25.23; Mat 24.45-47; Lik 16.10 la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.
22— Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. 23Mèt #Mat 25.21 la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou.
24— Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. 25Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.
26— Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. 27Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. 28Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. 29Paske, #Mat 13.12 moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. 30Kanta #Mat 8.12 domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
Jijman tout nasyon yo
31— Lè #Mat 16.27; Zak 14.5; Rev 20.11-13 Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li. 32Tout #Wòm 14.10 nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. 33L'a #Eze 34.17 mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. 34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, l'a di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. 35Mwen #Eza 58.7 te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou. 36Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'.
37— Lè #Mat 6.3 sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? 38Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la? 39Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou? 40Wa a #Pwo 19.17; Eb 2.11 va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
41— Apre #Mat 7.23; Rev 20.10,15 sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. 42Mwen te grangou, nou pat ban m manje, mwen te swaf dlo, nou pat ban m bwè. 43Mwen te etranje, nou pa te resevwa m'. Mwen te touni, nou pa te ban m' anyen mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa te vizite m'.
44— Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pat ba ou lasistans? 45Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pat fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pat fè li. 46Apre #Jan 5.29; Da 12.2 sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

Chwazi Kounye ya:

Matye 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an