Matye 12:1-21

Matye 12:1-21 HAT98

Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Se te yon jou samdi. Disip li yo te grangou. Se konsa, yo pran rale kèk grap ble pou yo manje. Lè farizyen yo wè sa, yo di l konsa: — Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo. Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l yo? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l yo pat gendwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gendwa sa a. Osinon, eske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a. Jezi gen yon nonm men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okazyon pou akize Jezi. Se konsa yo mande li: — Eske lalwa nou an otorize geri moun jou saba? Jezi reponn yo: — Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, eske li p'ap rale l mete deyò? Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo. Lè sa a, li di nonm lan: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la. Farizyen yo sòti nan sinagòg la, y'al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi. Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Li geri tout moun malad yo. Men, li te pale sevè ak yo pou yo pat di ki moun li te ye. Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre: Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen. Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari. Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt. Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an