Lik 22:54-71

Lik 22:54-71 HAT98

Yo arete Jezi, yo menmen li ale. Yo kondi l kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen. Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a. Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a. Li fiske je l sou li, li di: — Nonm sa a te avèk li tou. Men, Pyè demanti l, li di: — Madanm, mwen pa konnen li. Yon kadè apre, yon lòt wè l, epi l di: — Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: — Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo. Apre yon bon ti moman, yon lòt di l ankò: — Men wi, nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye. Pyè reponn li: — Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante. Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Senyè a te di li a: Kòk p'ap gentan fin chante jodi a, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen. Pyè sòti, epi li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò. Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap ba l kou. Yo te bouche je l, yo t'ap mande li: — Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen? Epi yo t'ap di l anpil lòt jouman ankò. Lè l fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo. Yo mande li: — Manyè di nou: eske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: — Si m reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen. Si m poze nou yon kèsyon, nou p'ap vle reponn mwen. Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a. Yo tout di li: — Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: — Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm. Lè sa a yo di: — Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fenk tande pawòl ki sòti nan bouch li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 22:54-71

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an