Lik 22

22
Yo moute konplo sou do Jezi
(Matye 26.1-5,14-16; Mak 14.1-2,10-11; Jan 11.45-53)
1Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans #Mat 26.1-5; Mak 14.1,2 jwif yo, te prèt pou rive. 2Chèf #Lik 20.19 prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.
Jida pare pou l trayi Jezi
3#Mat 26.14-16; Mak 14.10,11 sa a, #Jan 13.2,27 Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskaryòt la, yonn nan douz disip yo. 4Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi. 5Yo pat manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l lajan. 6Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.
Jezi voye pare manje Delivrans lan
(Matye 26.17-25; Mak 14.12-21; Jan 13.21-30)
7Jou #Mat 26.17-29; Mak 14.12-25 fèt #Egz 12.18-20 Pen San Ledven an te rive. Se jou sa a pou yo te touye mouton pou manje pou fèt Pak la. 8Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo:
— Ale prepare manje fèt Pak la pou nou ka manje li.
9Yo mande li:
— Ki bò ou ta vle nou pare li?
10Li di yo:
— Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo. Swiv li jouk nan kay kote la antre a. 11N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?
12— Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan.
13Yo #Lik 19.32 pati, yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
Manje Senyè a
(Matye 26.26-30; Mak 14.22-26; 1 Korent 11.23-25)
14Lè lè a rive, Jezi te atab ak disip yo. 15Li di yo:
— Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan mal soufri. 16Paske, #Lik 13.29 m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.
17Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l di:
— Men gode sa a, separe l bay chak moun nan nou; 18paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
19Apre #1 Kor 11.23-25; Tra 27.35 sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo:
— Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
20Menm #Egz 24.8; Jer 31.31; Zak 9.11 jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo:
— Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l. 21Men #Jan 13.21,22 gade! Moun k'ap trayi m lan, li la bò tab la ansanm ak mwen! 22Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l la!
23Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.
Ki moun ki pi grannèg
24Epi #Lik 9.46 yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. 25Jezi #Mat 20.25-27; Mak 10.42-44 di yo:
— Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa. 26Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a. 27Kilès #Jan 13.4-14 ki pi enpòtan? Moun ki atab la osinon moun k'ap sèvi a? Se moun ki atab la, pa vre? Enben, mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.
28— Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m nan tout tribilasyon mwen yo. 29Se #Lik 12.32 poutèt sa, menm jan Papa a te ban m dwa pou m gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a. 30N'a #Mat 19.28 manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m sou gouvènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fòtèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
Jezi anonse Pyè pral trayi li
(Matye 26.31-35; Mak 14.27-31; Jan 13.36-38)
31— Simon, #Mat 26.31-35; Mak 14.27-31; Jan 13.36-38 Simon, #2 Kor 2.11; Am 9.9 koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. 32Men, #Jan 17.11,15,20; Sòm 51.13 mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
33Pyè di li:
— Mèt, mwen pare pou mal nan prizon avè ou, pou m mouri menm avè ou.
34Jezi reponn li:
— Pyè, tande byen sa m'ap di ou: Jodi a menm, kòk p'ap gentan chante, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen.
35Jezi #Lik 9.3; 10.4 di yo ankò:
— Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, eske nou te manke kichòy?
Yo reponn li:
— Nou pat manke anyen.
36Li di yo:
— Bon, kounyeya, moun ki gen yon lajan, se pou l pran l. Sa ki gen manje se pou l pran l tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn. 37Paske, #Eza 53.12; Lik 22.52 tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.
38Disip yo di li:
— Mèt, men de nepe.
Li di yo:
— Sa kont.
Jezi ap lapriyè nan jaden an
(Matye 26.36-46; Mak 14.32-42)
39Apre #Mat 26.30,36-46; Mak 14.26,32-42 sa, #Lik 21.37; Jan 18.1 Jezi soti, l'al sou mòn Olivye, jan li te gen labitid fè a. Disip yo swiv li. 40Lè l rive, li di yo:
— Lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon.
41Epi li kite yo, l'al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè. 42Li #Mat 6.10 di:
— Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou.
[ 43#1 Wa 19.5; Jan 12.29 sa a, yon zanj Bondye sòti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs. 44Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.]
45Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kote disip yo. Li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn. 46Li di yo:
— Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon.
Yo arete Jezi
(Matye 26.47-56; Mak 14.43-50; Jan 18.3-11)
47Jezi #Mat 26.47-56; Mak 14.43-49; Jan 18.2-11 t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li. 48Men, Jezi di li:
— Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
49Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sa k ta pral rive, yo mande li:
— Mèt, eske nou mèt voye kout nepe?
50Yonn ladan yo gentan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li. 51Men, Jezi di yo:
— Non. Ase.
Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li. 52Apre #Lik 22.37 sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo:
— Nou vin dèyè m ak nepe epi baton, tankou si m te yon ansasen. 53Mwen #Jan 7.30; 8.20; Kol 1.13 te nan Tanp lan ak nou chak jou, men nou pa te chache arete mwen. Jodi a, se jou pa nou, se jou pouvwa fòs fènwa a.
Pyè trayi Jezi
(Matye 26.57-58,69-75; Mak 14.53-54,66-72; Jan 18.12-18,25-27)
54Yo arete Jezi, yo menmen li ale. Yo #Mat 26.57,58,69-75; Mak 14.53,54,66-72; Jan 18.12-18,25-27 kondi l kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen. 55Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
56Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a. Li fiske je l sou li, li di:
— Nonm sa a te avèk li tou.
57Men, Pyè demanti l, li di:
— Madanm, mwen pa konnen li.
58Yon kadè apre, yon lòt wè l, epi l di:
— Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo.
Pyè di:
— Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.
59Apre yon bon ti moman, yon lòt di l ankò:
— Men wi, nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.
60Pyè reponn li:
— Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a.
Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante. 61Jezi #Lik 22.34 vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Senyè a te di li a: Kòk p'ap gentan fin chante jodi a, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen. 62Pyè sòti, epi li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.
Yo pase Jezi nan betiz, epi yo bat li
(Matye 26.67-68; Mak 14.65)
63Mesye #Mat 26.67,68; Mak 14.65 ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap ba l kou. 64Yo te bouche je l, yo t'ap mande li:
— Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?
65Epi yo t'ap di l anpil lòt jouman ankò.
Jezi devan Gran Konsèy jwif yo
(Matye 26.59-66; Mak 14.55-64; Jan 18.19-24)
66Lè l #Mat 26.59-66; Mak 14.55-64 fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo. 67Yo #Jan 3.12; 8.45; 10.24 mande li:
— Manyè di nou: eske se ou ki Kris la?
Jezi reponn yo:
— Si m reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen. 68Si m poze nou yon kèsyon, nou p'ap vle reponn mwen. 69Men, #Da 7.13; Sòm 110.1 depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.
70Yo tout di li:
— Ou se pitit Bondye a, pa vre?
Li reponn yo:
— Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
71Lè sa a yo di:
— Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fenk tande pawòl ki sòti nan bouch li.

Chwazi Kounye ya:

Lik 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an