Lik 22:31-53

Lik 22:31-53 HAT98

— Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs. Pyè di li: — Mèt, mwen pare pou mal nan prizon avè ou, pou m mouri menm avè ou. Jezi reponn li: — Pyè, tande byen sa m'ap di ou: Jodi a menm, kòk p'ap gentan chante, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen. Jezi di yo ankò: — Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, eske nou te manke kichòy? Yo reponn li: — Nou pat manke anyen. Li di yo: — Bon, kounyeya, moun ki gen yon lajan, se pou l pran l. Sa ki gen manje se pou l pran l tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn. Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive. Disip yo di li: — Mèt, men de nepe. Li di yo: — Sa kont. Apre sa, Jezi soti, l'al sou mòn Olivye, jan li te gen labitid fè a. Disip yo swiv li. Lè l rive, li di yo: — Lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Epi li kite yo, l'al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè. Li di: — Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou. [ Lè sa a, yon zanj Bondye sòti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs. Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.] Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kote disip yo. Li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn. Li di yo: — Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li. Men, Jezi di li: — Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a? Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sa k ta pral rive, yo mande li: — Mèt, eske nou mèt voye kout nepe? Yonn ladan yo gentan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi di yo: — Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li. Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: — Nou vin dèyè m ak nepe epi baton, tankou si m te yon ansasen. Mwen te nan Tanp lan ak nou chak jou, men nou pa te chache arete mwen. Jodi a, se jou pa nou, se jou pouvwa fòs fènwa a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an