Lik 20:27-47

Lik 20:27-47 HAT98

Sadiseyen yo di moun mouri pa leve. Kèk nan yo vin kot Jezi ak yon keksyon. Yo di Jezi konsa: — Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l gen yon frè, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou l sa fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l tou. Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l tou. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm? Jezi reponn yo: — Isit sou latè, fanm ak gason nan marye. Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve sòti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò. Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve sòti vivan nan lanmò. Wi, moun mouri gen pou yo leve. Se Moyiz menm ki moutre nou sa, lè bò ti touf bwa a, li te rele Bondye: Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb. Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri, paske pou li tout moun vivan. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa pran lapawòl, yo di: — Mèt, ou byen pale. Apre sa, yo pat gen odas poze l okenn lòt kèsyon. Jezi di yo: — Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? Men, sa David menm te di nan liv Sòm yo: Bondye Mèt la te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit li? Lè sa a, tout pèp la t'ap koute Jezi. Li di disip li yo: — Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo. Yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik. Lè y'al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo. Nan resèpsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an