Jan 7

7
Frè Jezi yo pa kwè nan li
1Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi #Mak 9.30; Lik 9.51 Galile, li pat vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li. 2Jou #Lev 23.34 fèt Joupa jwif yo te pre rive. 3Frè #Jan 2.12; Mat 12.46; Tra 1.14 Jezi yo di l konsa:
— Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè. 4Yon moun ki vle pou tout moun konnen l pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.
5(Men, #Mat 13.55 frè l yo pat kwè nan li.)
6Jezi #Jan 2.4 di yo konsa:
— Lè pa m lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon. 7Moun #Jan 15.18 k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m paske mwen di sa y'ap fè a pa bon. 8Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. #7.8: mwen pa prale: Gen maniskri ki bay mwen poko prale. Paske, lè pa m lan poko rive.
9Apre li fin di yo sa, li rete rete l nan peyi Galile.
Jezi ale nan fèt tabènak yo
10Apre frè l yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pat kite pèsonn wè li. 11Jwif yo menm t'ap chache l pandan tout fèt la. Yo t'ap di:
— Kote l ye konsa?
12Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di:
— Se yon nonm debyen wi.
Gen lòt ki t'ap di:
— Non, se pete l'ap pete moun.
13Men, #Jan 9.22; 12.42; 19.38 pèsonn pat nonmen non l fò pou lòt moun pat tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
14Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li konmanse pale. 15Jwif #Mat 13.54; Lik 2.47 yo pa te manke sezi. Yo t'ap di:
— Ki kote nonm sa a aprann tout bagay sa yo? Epoutan li pa fè gwo etid.
16Jezi #Jan 12.49 reponn yo:
— Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo sòti. Yo sòti nan Bondye ki voye m lan. 17Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo sòti nan Bondye osinon si se pawòl pa m m'ap pale. 18Yon #Jan 5.41,44 moun k'ap pale pawòl pa l, se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l la, se verite a pou l di. Pa gen riz nan li. 19Moyiz #Jan 5.16,18,47; Tra 7.53; Wòm 2.17-29 te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
20Foul #Mak 3.21; Jan 8.48,52; 10.20 moun yo reponn li:
— Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?
21Jezi #Jan 5.16 reponn yo:
— Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa! 22Moyiz #Jen 17.10-12; Lev 12.3 ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m di nou: se pat Moyiz ki te konmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.) 23Si #Jan 5.8 nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n ankòlè sou mwen si m geri yon moun ki te malad nan tout kò l, yon jou repo. 24Pa #Jan 8.15 jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.
Eske Jezi se Kris la?
25#Jan 7.19 sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di:
— Apa nonm y'ap chache touye a? 26Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye! 27Men, #Jan 7.41 yo toujou di lè Kris la va rive, pèsonn p'ap konnen ki bò l sòti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l sòti.
28Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò:
— Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m sòti? Se pa mwen ki fè lide pou m vini non. Moun ki voye m lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li. 29Mwen #Mat 11.27 menm, mwen konnen l, paske se bò kote l mwen sòti. Se li menm ki voye mwen.
30#Jan 8.20; 13.1; Lik 22.53 sa a, yo t'ap chache arete l, men pèsonn pat mete men sou li paske lè l pat ankò rive. 31Atousa, #Jan 8.30; 10.42; 11.45; 12.42 te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di:
— Lè Kris la va vini, eske la fè plis mirak pase nonm sa a?
Chèf jwif yo voye gad arete Jezi
32Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi. 33Jezi #Jan 13.33 di konsa:
— Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m lan. 34N'a #Jan 8.21; 13.36; 17.24 chache m, men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m prale a.
35Jwif yo yonn t'ap mande lòt:
— Ki bò l prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l moutre moun Lagrès yo anpil bagay? 36L'ap plede di: N'a chache m, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?
Gwo kouran dlo k'ap bay lavi
37Dènye #Jan 4.10,14; Lev 23.36 jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò:
— Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. 38Moun #Eza 44.3; 55.1; 58.11; Eze 47.1,12; Zak 13.1; 14.8; Jowèl 2.28; 3.18 ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. #7.38: Pa gen yon kote dirèk nan liv Ansyen Kontra yo kote nou ka jwenn pawòl sa yo.
39(Jezi #Jan 16.7; 2 Kor 3.17 t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.)
Foul pèp la divize poutèt Jezi
40Te #Jan 6.14; Det 18.15 gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa:
— Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!
41Gen #Jan 1.46 lòt ki t'ap di:
— Se Kris la.
Gen lòt ankò ki t'ap di:
— Men, Kris la pa ka sòti nan peyi Galile. 42Liv #2 Sam 7.12; Mi 5.2; Mat 2.5,6; 22.42; Sòm 89.3 la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l sòti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
43Te #Jan 9.16 vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi. 44Gen #Jan 7.30 ladan yo ki te vle arete l, men pèsonn pat mete men sou li.
Chèf jwif yo refize kwè nan Jezi
45#Jan 7.32 gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo:
— Poukisa nou pa mennen l ban nou?
46Gad #Mat 7.28,29 yo reponn:
— Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
47Farizyen yo di:
— Gen lè nou kite l pran tèt nou tou? 48Eske #Jan 12.42 nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li? 49Moun sa yo genlè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
50Nikodèm #Jan 3.1,2 te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:
51— Dapre #Det 1.16,17; 19.15 Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l anvan, san nou pa konnen sa l fè.
52Yo #Jan 1.46; 7.41 reponn li:
— Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, w'a wè pa gen pwofèt ki janm sòti #7.52: pa gen pwofèt ki janm sòti: Gen yon maniskri ki bay se pa nan peyi Galile pwofèt la ap sòti. nan peyi Galile.
[ 53Apre sa, tout moun al lakay yo.

Chwazi Kounye ya:

Jan 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an