Jan 6

6
Jezi bay senkmil moun manje
(Matye 14.13-21; Mak 6.30-44; Lik 9.10-17)
1Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. #Mat 14.13-21; 15.32-39; Mak 6.32-44; 8.1-10; Lik 9.10-17 Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou. 2Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou. 3Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo. 4Jou #Jan 2.13; 11.55; Lik 22.1 fèt Pak jwif yo te vanse rive. 5Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l konsa:
— Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n achte pou n bay moun sa yo manje?
6(Li t'ap di sa pou l te wè sa Filip ta pral reponn li. Li menm li te byen konnen sa l ta pral fè.)
7Filip reponn li:
— Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal.
8Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:
9— Gen #2 Wa 4.42,43 yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.
10Lè sa a, Jezi di yo:
— Fè moun yo chita.
(Te gen anpil zèb bò la.)
Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa. 11Jezi pran pen yo. Lè li fin rann Bondye gras sou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Tout moun te jwenn kantite yo te vle. 12Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo:
— Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.
13Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale.
14#Det 18.15 moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa:
— Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.
15Jezi #Jan 18.36 te vin konnen yo t'ap chache fè mete men sou li pou fè li wa. Li chape kò li refije sou ti mòn lan poukont li fwa sa a.
Jezi mache sou dlo
(Matye 14.22-33; Mak 6.45-52)
16#Mat 14.22-23; Mak 6.45-52 solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a. 17Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pat ankò vin jwenn yo. 18Dlo lanmè a te move paske van an te fò. 19Yo te gentan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. 20Men, Jezi di yo:
— Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
21Yo te vle pran l nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gentan rive kote yo taprale a.
Yon foul moun ap chache Jezi
22Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pat moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo. 23Men, #Jan 6.11 te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a. 24Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pat la, yo moute nan kannòt sa yo, y'al chache l lavil Kapènawòm.
Jezi se pen ki bay lavi a
25Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li:
— Mèt, kilè ou gentan rive isit la?
26Jezi reponn yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou. 27Pa #Jan 4.14; 5.36; Mat 16.12 travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
28Lè sa a, yo mande li:
— Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye?
29Jezi #1 Jan 3.23 reponn yo:
— Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.
30Yo #Jan 2.18; Mak 8.11 di li:
— Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè? 31Zansèt #Egz 16.13,14; Sòm 78.24 nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.
32Jezi #Jan 6.49 reponn yo:
— Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33Paske #Jan 6.51 pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.
34Yo di li:
— Mèt, toujou ban n nan kalite pen sa a.
35Jezi #Jan 4.14; 6.48; 7.37 di yo:
— Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. 36Men, #Jan 6.26,29 mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. 37Tout #Jan 17.6-8; Mat 11.28 moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. 38Paske, #Jan 4.34; Mat 26.39 se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. 39Men #Jan 10.28,29; 17.12 sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 40Men #Jan 5.29; 11.24 sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
41Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.
42Yo #Lik 4.22 t'ap di:
— Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye?
43Jezi reponn yo:
— Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. 44Pesonn #Jan 6.5,6 pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. 45Se #Eza 54.13; Jer 31.33,34 sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. 46Sa #Jan 1.18 pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. 47Sa #Jan 3.16 m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. 48Se #Jan 6.35 mwen menm pen ki bay lavi a. 49Zansèt #Jan 6.31,32; 1 Kor 10.3,5 nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. 50Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. 51Se #Eb 10.5,10 mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun.
52Pawòl #Jan 6.60 sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande:
— Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l pou n manje?
53Jezi di yo:
— Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. 54Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 55Paske kò m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. 56Moun #Jan 15.4; 1 Jan 3.24; 2.24 ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. 57Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. 58Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.
59Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay.
Pawòl ki bay lavi ki p'ap janm fini an
60Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di:
— Pawòl sa a di. Ki moun ki ka sipòte tande yon koze konsa?
61Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo:
— Sa ofiske nou, pa vre? 62Kisa #Jan 3.13 n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l te ye anvan an? 63Se #2 Kor 3.6 lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi. 64Men, #Jan 13.11 gen kèk moun pami nou ki pa kwè.
(Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.)
65Li #Jan 6.44 di ankò:
— Se poutèt sa mwen te di nou: pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.
66Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò. 67Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo:
— Nou menm, nou pa vle ale tou?
68Simon #Jan 6.63 Pyè reponn li:
— Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. 69Kounyeya nou #Jan 1.49; 11.27; Mat 14.33; 16.16 kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.
70Jezi reponn yo:
— Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.
71Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki ta pral trayi li.

Chwazi Kounye ya:

Jan 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an