Travay 16

16
Timote ale ak Pòl epi Silas
1Apre sa, Pòl ale lavil Dèb, epi l rive lavil List. Nan #Tra 17.14; 19.22; 2 Tim 1.5; Fil 2.19-22 List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l te yon moun peyi Lagrès. 2Frè #Tra 6.3 ki t'ap viv nan List ak Ikonyòm yo te bay bon rapò pou Timote. 3Pòl te vle mennen l avèk li. Li pran l, li sikonsi l paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk. 4Nan #Tra 15.23-29 tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an. 5Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.
Pòl fè yon vizyon lavil Twoas
6Sentespri #Tra 18.23 pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. 7Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pat pèmèt yo fè sa. 8Yo pase nan Mizi san rete, #16.8: Yo pase nan Mizi san rete: Ou ankò Yo pase devan Mizi. yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi anpeche yo. Yo desann lavil Twowas. 9Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te sòti peyi Masedouàn kanpe devan l ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedouàn, vin pote nou sekou. 10Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n'ale peyi Masedouàn. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n te al pote bòn nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.
Konvèsyon Lidi
11Nou pran batiman Twowas, nou fè vwal tou dwat pou zile Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neyapolis. 12Antan nou la, n'al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedouàn lan: #16.12: premye lavil nan distrik Masedouàn lan: Gen maniskri ki bay yon lavil nan premye distrik Masedouàn lan; ou ankò premye lavil distrik la nan peyi Masedouàn. Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a. 13Jou repo a, nou sòti, n'al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo. 14Yonn #Jan 6.44 ladan yo te rele Lidi. Li te moun Tiyati, yon machann bèl twal wouj gwo pri. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Senyè a louvri lespri li pou li te swiv tout sa Pòl t'ap di. 15Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou:
— Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a.
Se konsa li fòse nou rete lakay li.
Pòl ak Silas nan prizon Filip
16Yon #Tra 19.24 jou nou ta pral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. 17Li #Mak 1.24,34 tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò:
— Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n pran pou n ka jwenn delivrans.
18Li #Tra 19.13; Mak 16.17 t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a:
— Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, sòti sou fi a.
Menm lè a, lespri a sòti sou li.
19Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo. 20Yo #Tra 17.6; 1 Wa 18.17 mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di:
— Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye. 21Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo.
22Foul #2 Kor 11.25; Fil 1.30; 1 Tes 2.2 moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. 23Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. 24Lè l resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l mete pye yo nan sèp.
25Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. 26Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. 27Chèf prizon an leve. Lè l wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l, li ta pral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. 28Men, Pòl kriye byen fò:
— Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.
29Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. 30Apre #Tra 2.37 sa, li fè yo sòti, li mande yo:
— Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre?
31Yo reponn li:
— Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
32Epi yo fè l konnen pawòl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun ki te lakay li. 33Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l ansanm ak tout fanmi li. 34Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l paske kounyeya yo te kwè nan Bondye.
35Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an:
— Lage mesye yo.
36Chèf prizon an ale di Pòl:
— Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt sòti kounyeya. Ale ak kè poze.
37Men, #Tra 22.25 Pòl di gad yo konsa:
— Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Kounyeya yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
38Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo sòti pè. 39Yo #Mat 8.34 vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la. 40Lè apòt yo sòti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y ale.

Chwazi Kounye ya:

Travay 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an