Travay 15

15
Reyinyon Jerizalèm lan
1Kèk mesye sòti nan peyi Jide rive lavil Antyòch. #Gal 5.2 Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di:
— Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l la.
2Pòl #Tra 11.30; Gal 2.1 ak Banabas pat dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antyòch moute Jerizalèm pou regle kèsyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.
3Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Fenisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. 4#Tra 14.27 yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li. 5Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di:
— Se pou n sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou.
6Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen kèsyon an. 7#Tra 10.44; 11.15 yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo:
— Frè m yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m nan nou tout pou m anonse bòn nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l pou yo rive kwè nan Bondye. 8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l pou nou an. 9Li #Tra 10.34 pat fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li. 10Poukisa koulyeya #Gal 3.10; 5.1; Mat 11.30 n'ap chache teste Bondye konsa lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa te ka pote? 11Okontrè, #Gal 2.16; Ef 2.4-10 n'ap repete li ankò: Se favè Jezikri fè nou kifè nou sove, menm jan li fè yo favè a tou.
12Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo. 13#Tra 21.18; Gal 2.9 yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di:
— Frè m yo, koute mwen. 14Simon #Tra 15.7-9; Lik 1.68 fenk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. 15Sou #Am 9.11,12 pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la:
16Apre #Jer 12.15 sa, m'a retounen.
(Se Bondye k'ap pale.)
M'a rebati kay David la ki te fin tonbe,
m'a repare mazi li yo,
m'a kanpe kay li a ankò.
17Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye,
ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen.
18Men #Eza 45.21 sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan.
19— Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. 20Men, #Jen 9.4; Lev 3.17; 5.2; 17.10-16 ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. 21Paske, #Tra 13.15 depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l pou yo nan sinagòg yo.
Lèt yo voye bay disip ki pa jwif yo
22Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. 23Yo te ba yo lèt sa a pote ale:
— Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. 24Nou #Tra 15.1 te vin konnen te gen moun ki sòti bò isit la al lakay nou. Yo pat manke boulvèse nou, yo pat manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pat ba yo okenn lòd konsa. 25Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, 26ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Senyè nou an. 27Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesay la ak pwòp bouch yo. 28Pou #Mat 23.4 Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan kèsyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sàn dwe mete. 29Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!
30Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antyòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. 31Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. 32Jid #Tra 11.27; 13.1 ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. 33Yo pase kèk tan nan lavil Antyòch. Apre sa, frè yo swete yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. [ 34Men, Silas te pran desizyon pou l te rete.]
35Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antyòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Senyè a.
Separasyon Pòl ak Banabas
36Kèk #1 Tes 3.5 tan apre, Pòl di Banabas konsa:
— Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Senyè a. Ann al wè ki jan yo ye.
37Banabas #Tra 12.12,25 te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. 38Men, #Tra 13.13; Kol 4.10 Pòl pat kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l, paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pat rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. 39#Tra 4.36; 13.4 sa a, yon diskisyon tèlman cho vin leve ant Pòl ak Banabas, sa fè yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran batiman, y'ale zile Chip.
40Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l favè l, li pati. 41Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi. Sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Travay 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an