YouVersion Logo
Search Icon

Mak 8

8
Jezi bay plis pase 4,000 moun manje
(Mat 15:32-39)
1Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo. 2“Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje. 3Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.”
4Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?”
5Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?”
Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.”
6Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la. 7Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.
8Tout moun yo manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso ki rete yo, yo jwenn sèt panye. 9Te gen apeprè 4,000 moun la. Apre sa Jezi voye yo al lakay yo. 10Tousuit apre sa, Jezi monte nan yon bato ak disip li yo epi yo ale nan yon zòn ki rele Dalmanita.
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mat 16:1-4; Lik 11:16, 29)
11Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 12Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” 13Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a.
Disip Jezi yo mal konprann li
(Mat 16:5-12)
14Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen. 15Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”
16Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.”
17Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou? 18Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an? 19Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?”
Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”
20E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”
21Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”
Jezi geri yon avèg nan vil Bètsayida
22Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li. 23Konsa, Jezi pran men nonm nan epi li sòti deyò vil la ak li. Apre sa, li krache nan je li, li mete men sou li epi li di l: “Èske ou wè kounye y a?”
24Nonm nan gade epi li di: “Wi mwen wè moun, men yo sanble ak pyebwa k ap mache.”
25Jezi mete men li sou je nonm nan ankò. Nonm nan ouvri je l byen laj, li te kapab wè ankò. Li te wè tout bagay byen klè. 26Jezi voye nonm nan retounen lakay li. Li di li: “Pa antre nan vil la.”
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mat 16:13-20; Lik 9:18-21)
27Jezi ak disip li yo ale nan vil yo ki nan zòn Sezare Filip la. Sou wout la Jezi mande disip li yo: “Ki lès nou tande yo di mwen ye?”
28Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.”
29Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?”
Pyè reponn li: “Ou se Kris la.”
30Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mat 16:21-28; Lik 9:22-27)
31Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 32Li di yo sa byen klè.
Men, Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. 33Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan!#8:33 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan. Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”
34Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.” 35Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men moun ki pèdi lavi l pou mwen ak levanjil la, l ap sove lavi li. 36Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 37Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 38Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.

Currently Selected:

Mak 8: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy