YouVersion Logo
Search Icon

Mak 7

7
Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo
(Mat 15:1-20)
1Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi. 2Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. 3Paske Farizyen yo ak tout lòt Jwif yo pa janm manje san yo pa lave men yo. Yo fè sa pou yo ka swiv koutim granmoun lontan yo. 4Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.#7:4 veso an kuiv Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “ak kanape”.
5Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”
6Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:
Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
men kè yo lwen mwen.
7Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
paske se kòmandman pa yo y ap anseye.#Eza 29:13.
8Nou mete kòmandman Bondye a kote epi n ap kenbe tradisyon lòm.”
9Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo? 10Moyiz di: Onore papa nou ak manman nou.#Egz 20:12; Det 5:16. Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.#Egz 21:17. 11Men nou menm nou di: lè yon moun di papa l oswa manman l: mwen pa ka ede w paske mwen konsakre tout afè m bay Bondye. 12Konsa nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp la. 13Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Nou fè anpil lòt bagay kon sa ankò.”
14Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. 15Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” 16#7:16 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 16 la: “Ou menm k ap koute, tande!”
17Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. 18Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? 19Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye).
20Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 21Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, 22adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. 23Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”
Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif
(Mat 15:21-28)
24Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. 25Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. 26Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.
27Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.”
28Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”
29Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.”
30Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti.
Jezi geri you moun soud
31Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. 32Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan.
33Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. 34Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri). 35Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm.
36Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. 37Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

Currently Selected:

Mak 7: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy