YouVersion Logo
Search Icon

Mak 5

5
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)
1Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen#5:1 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Gadarenyen”, lòt ankò “Jegazenyen”. yo. 2Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. 3Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. 4Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.#5:4 metrize l Lè you moun te gen yon konpòtman etranj se te yon wont pou fanmy li. Konsa yo te konn eseye “trete” yo. Kèk doktè te kwè lè yo te mete moun nan chenn oubyen mare yon moun fou, se te yon bon mwayen pou chache gerizon li. 5Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.
6Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”
9Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”
Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,#5:9 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an. paske nou anpil.” 10Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.
11Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.
14Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.
18Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”
20Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)
21Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”
24Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.
25Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.
27Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”
31Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”
32Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”
35Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
36Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”
37Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40Moun ki te la yo pete ri Jezi.
Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Currently Selected:

Mak 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy