YouVersion Logo
Search Icon

Mak 4

4
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mat 13:1-9; Lik 8:4-8)
1Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a. 2Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:
3“Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. 4Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. 5Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri paske pa gen tè a pa fon ase pou rasin yo antre. 6Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. 7Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi. 8Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”
9Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye
(Mat 13:10-17; Lik 8:9-10)
10Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.
11Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi. 12Mwen fè sa poutèt,
Menm lè yo wè,
yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
yo pa vrèman ni tande ni konprann.
Si yo ta wè epi yo ta konprann,
yo ta repanti epi Bondye ta padone yo.”#Eza 6:9-10.
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mat 13:18-23; Lik 8:11-15)
13Alò Jezi di yo: “Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n ap ka konprann lòt istwa yo mwen gen pou m di nou yo? 14Moun ka simen grenn nan se pawòl la l ap simen. 15Kèk nan grenn yo tonbe bò chemen an. Bò chemen an, se sa yo ki tande pawòl Bondye a, menm tande yo tande pawòl la, Satan vini touswit retire pawòl ki te simen nan yo a.
16Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa. 17Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.
18Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la, 19men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.
20Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”
Chache konprann sa ou tande
(Lik 8:16-18)
21Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. 22Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. 23Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” 24Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” 25Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen.
Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn
26Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. 29Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive.
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mat 13:31-32, 34-35; Lik 13:18-19)
30Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”
33Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Lik 8:22-25)
35Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” 36Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. 37Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”
39Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.
40Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”
41Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”

Currently Selected:

Mak 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy