YouVersion Logo
Search Icon

Mak 14

14
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)
1De jou anvan fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an, Chèf Jwif yo ak direktè Lalwa yo t ap chache yon fason avèk riz pou arete Jezi ankachèt epi touye l. 2Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.”
Yon dam fè lwanj pou Jezi
(Mat 26:6-13; Jan 12:1-8)
3Lè Jezi te nan Betani, li t ap manje ansanm ak Simon. Simon sa a te gen maladi po yo te rele lèp. Pandan l t ap manje atab, yon fanm vini ak yon boutèy ki te fèt ak yon pyè presye yo rele albat, plen ak yon pafen byen chè ki fèt ak yon pwodui ki rele n a. Li ouvri boutèy la epi li vide pafen an sou tèt Jezi.
4Kèk moun ki te la te fache anpil epi yo t ap di youn lòt, “Poukisa gaspiyaj sa a? 5Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye,#14:5 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay. Twasan denye, se te kòb yon moun ta touche pou tout yon ane travay. epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan.
6Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen. 7N ap toujou gen pòv ak nou, nou ka ede yo nen pòt lè nou vle.#14:7 Gade nan Det 15:11. Men mwen menm mwen p ap avèk nou tout tan. 8Fanm sa a fè sa l te kapab pou mwen. Li vide pafen sou kò m pou anbome l davans pou antèman m. 9An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mat 26:14-16; Lik 22:3-6)
10Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi. 11Chèf prèt yo te kontan anpil, epi yo te pwomèt li yo t ap ba l lajan. Konsa Jida te kòmanse ap chache yon okazyon pou trayi Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mat 26:17-25; Lik 22:7-14, 21-23; Jan 13:21-30)
12Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?”
13Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li. 14Kèlkeswa kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di Kote salamanje pou m manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo? 15Mèt kay la ap montre nou you gwo chanm aletaj ki tou meble. Se la pou nou prepare manje a.”
16Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se kon sa yo prepare manje pou fèt Pak la.
17Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. 18Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.”
19Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, youn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.”
20Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. 21Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.”
Repa Senyè a
(Mat 26:26-30; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)
22Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.”
23Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. 24Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. 25Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.”
26Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.
Jezi anonse disip yo pral abandone l
(Mat 26:31-35; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)
27Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:
M ap touye bèje a
epi mouton yo ap gaye toupatou.#Zak 13:7.
28Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”
29Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.”
30Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”
31Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou.
Jezi ap priye poukont li
(Mat 26:36-46; Lik 22:39-46)
32Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” 33Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 34Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”
35Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. 36Li di: “Abba,#14:36 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo. O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode#14:36 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”
37Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”
39Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. 40Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.
41Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. 42Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)
43Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.
44Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” 45Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. 46Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. 47Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li.
48Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 49Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” 50Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.
51Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; 52Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mat 26:57-68; Lik 22:54-55, 63-71; Jan 18:13-14, 19-24)
53Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. 54Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.
55Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.
57Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: 58“Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” 59Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.
60Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 61Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,#14:61 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Pitit Bondye beni an?”
62Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”#14:62 Gade nan Sòm 110:1 ak Dan 7:13.
63Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”
Yo tout kondane li pou li mouri. 65Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-75; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18, 25-27)
66Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. 67Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”
68Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se kon sa yon kòk vin chante.#14:68 Kèk kopi an lang Grèk pa gen fraz “yon kòk vin chante”.
69Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” 70Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”
71Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”
72La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

Currently Selected:

Mak 14: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy