YouVersion Logo
Search Icon

Mak 13

13
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)
1Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”
2Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. 4Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”
5Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, 6paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,#13:6 Kris la Literalman, “moun espesyal la”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Mat 24:5. y ap rive twonpe anpil moun konsa. 7Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. 8Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. 10Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. 11Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.
12Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 13Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.
14Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,#13:14 sila a k ap detwi tout bagay la Gade nan Dan 9:27; 11:31; 12:11. tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
17Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. 20Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.
21Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.#13:21 Pa okipe l Literalman, “pa kwè l”. 22Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mat 24:29-51; Lik 21:25-28)
24Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,
Solèy la pral vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere.
25Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.#13:24-25 Gade nan Eza 13:10; 34:4.
26Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.
28Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.
32Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.
34Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

Currently Selected:

Mak 13: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy