YouVersion Logo
Search Icon

Lik 22:54-71

Lik 22:54-71 VKF

Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans. Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo. Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.” Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.” Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.” Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.” Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.” Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò. Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou. Yo mare je li ak twal epi yo di li: “Si ou se pwofèt vre, devine ki moun ki ba w kou sa a.” Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò. Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.” Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.” Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.” Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy