YouVersion Logo
Search Icon

Lik 20:27-47

Lik 20:27-47 VKF

Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a. Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. Finalman, fi a mouri tou. Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye? Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a, Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la. Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.” Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò. Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? Se David menm ki di nan liv Sòm yo: Senyè Bondye di Senyè mwen: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w. Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?” Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy