YouVersion Logo
Search Icon

Lik 19:1-27

Lik 19:1-27 VKF

Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase. Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.” Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.” Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.” Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.” Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman. Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye. Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen. Men, sitwayen yo nan peyi a te rayi nonm nan. Konsa, yo voye yon gwoup mesaje ale nan peyi kote l ale a pou al di: Nou pa vle nonm sa a kòm wa sou nou. Vwala chèf yo nan peyi byen lwen an fè nonm nan wa kanmenm. Lè l tounen nan peyi a vin renye, li rele sèvitè li te bay lajan yo pou yo rann kont ki benefis yo fè. Premye sèvitè a vini, li di: Mèt, kantite lajan ou te ban mwen an fè dis (10) fwa plis lajan. Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil. Dezyèm sèvitè a vini, li di: Kantite lajan ou te ban mwen an fè senk (5) fwa plis. Wa a di li: Ou menm, m ap ba ou gouvène senk (5) vil. Apre sa, yon lòt sèvitè vini, li di: Mèt, men lajan ou te ban mwen an. Mwen te vlope l nan yon moso twal epi sere l la pou ou. Paske mwen te pè w. M konnen ou se yon moun ki di. Ou pran lajan ki pa pou ou. Ou rekòlte sa ou pa t simen. Wa a di li: Gade kouman ou mechan! Malveyan! M ap jije ou ak pawòl ki soti nan bouch ou. Ou te konnen mwen se yon moun ki di, ki pran sa k pa pou mwen, ki rekòlte sa m pa t simen, pou kisa ou pa t mete lajan m nan labank? Lè m vini, mwen ta jwenn enterè sou li. Apre sa, wa a di mesye ki te la yo: Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. Men, mesye yo di wa a: Monwa, nonm sa a gentan gen dis (10) fwa lajan deja? M ap di nou sa: Nenpòt moun ki genyen, y ap ba li toujou. Men moun ki pa genyen, menm ti sa l genyen an y ap retire l nan men l. Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy