YouVersion Logo
Search Icon

Lik 5

5
Jezi chwazi kèk disip
(Mat 4:18-22; Mak 1:16-20)
1Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a. 2Li te wè de bato bò lak la. Bato yo te vid paske pechè yo t ap lave filè yo. 3Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la.
4Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.”
5Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.” 6Lè yo jete filè a, mesye yo pran yon gran kantite pwason ki te fè filè a kòmanse chire. 7Yo fè asosye yo ki te nan lòt bato a siy pou vin ede yo. Mesye yo vini, yo ranpli tou de bato yo ak pwason. Bato yo te prèt pou koule.
8Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.” 9Li te di sa paske li menm ak tout moun ki te avè l yo te sezi wè kantite pwason yo te pran. Simon Pyè ansanm ak tout moun ki te ak li yo pa t manke sezi, lè yo wè kantite pwason yo te pran yo. 10Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou.
Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”
11Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Mak 1:40-45)
12Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.”
13Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm lèp la disparèt sou li. 14Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou.#5:14 Ale fè prèt la wè ou Lalwa Moyiz di yon prèt te dwe deside ki lè yon moun ak maladi po te geri. Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”
15Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo. 16Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.
Jezi geri yon nonm paralize
(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)
17Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. 18Se kon sa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. 19Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”
21Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”
22Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? 23-24Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
25Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”
Levi (Matye) swiv Jezi
(Mat 9:9-13; Mak 2:13-17)
27Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.” 28Levi kite tout bagay yo, li leve, li swiv Jezi.
29Apre sa, Levi òganize yon gwo festen lakay li pou fè lwanj pou Jezi. Te gen yon gwo foul pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ki te la ap manje ak yo. 30Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”
31Lè sa a, Jezi reponn yo, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun malad ki bezwen doktè. 32Mwen pa vin mande moun k ap mache dwat devan Bondye pou chanje lavi yo, men mwen vin rele moun k ap viv nan peche, pou yo repanti.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mat 9:14-17; Mak 2:18-22)
33Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.”
34Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”
36Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. 37Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo#5:37 diven nouvo Ji rezen ki fèk kòmanse ap fèmante. pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo.#5:37 Yo te konn estoke diven nan veso ki te fèt ak po kabrit. Nòmalman, po ize a frajil. Si yo mete nouvo diven nan po ki ize a, nouvo diven an vin fèmante epi li pwodui yon gaz. Se presyon gaz la ki eklate veso an po ki ize a. Veso an po tou nèf la pi elastik, sa pèmèt li kenbe nouvo diven an menm lè l fèmante. 38Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. 39Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”

Currently Selected:

Lik 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy