YouVersion Logo
Search Icon

Lik 4

4
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Mak 1:12-13)
1Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. 2Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fin i, li te vin grangou anpil.
3Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”
4Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”#Det 8:3.
5Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. 6Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. 7Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” 8Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”#Det 6:13.
9Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, 10paske men sa ki ekri nan Bib la:
L ap bay zanj li yo
yo lòd pou yo veye sou ou.
11Nan men yo, pye w
p ap frape nan wòch.”#Sòm 91:11-12.
12Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”#Det 6:16.
13Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)
14Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)
16Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou repo a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:
18“Lespri Senyè a sou mwen.
Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19Epi pou m anonse lè a rive
pou Bondye montre konpasyon li.”#Eza 61:1-2; 58:6.
20Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”
22Tout moun yo t ap pale byen de li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Epi yo t ap di: “Sa a se pa pitit gason Jozèf la?”
23Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.” 24Men li di yo: “An verite, m ap di nou sa, yon pwofèt pa janm jwenn bon akèy nan peyi li.
25M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a, 26Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.
27Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”
28Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo. 29Yo leve, yo pouse l mete deyò lavil la. Yo mennen li sou tèt mòn kote lavil la te bati a toutespre pou yo te ka lage l anba. 30Jezi menm pase tou dwat nan mitan foul la, li chape poul li.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Mak 1:21-28)
31Li desann ale lavil Kapènawòm, yon vil nan rejyon Galile. Etan la, li te t ap anseye moun yo nan jou repo a. 32Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye, paske li t ap pale tankou moun ki gen otorite sou sa li t ap di yo.
33Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li tonbe kriye byen fò. 34Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a. 35Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a, epi li soti sou nonm nan, san li pa t fè l okenn mal.
36Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase kon sa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti. 37Konsa, pawòl la te gaye nan tout vil ak vilaj yo nan rejyon an.
Jezi geri bèlmè Simon Pyè a
(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)
38Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.#4:38 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan 5:3, 4, 5, 10. Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.
Jezi geri yon bann lòt malad
(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)
40Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Mak 1:35-39)
42Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo. 43Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”
44Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo nan rejyon Jide a.

Currently Selected:

Lik 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy