2 Tim 2

2
Yon sòlda Jezikris ki lwayal
1Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la. 2Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo. 3Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an. 4Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. 5Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa. 6Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la. 7Panse sou sa m di w la a. Epi Senyè a ap ede w konprann tout bagay.
8Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò. 9Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon. 10Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.
11Men sa ki sèten:
Si nou mouri avèk Kris,
n ap viv ansanm avè l tou.
12Si nou rete fidèl menm nan soufrans,
n ap renye avè l tou.
Si nou refize di nou konnen l,
l ap refize di li konnen nou tou.
13Si nou pa fidèl,
li menm, l ap toujou rete fidèl,
paske li pa kapab nye pwòp tèt li.
Yon ouvriye ki fè Bondye plezi
14Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. 15Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.
16Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan. 17Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: 18Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.
19Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”.#Nb 16:5. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.
20Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè. 21Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.
22Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp. 23Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon kon sa toujou fini nan kont. 24Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans. 25Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a. 26Lè sa a, y o va chape soti nan pèlen lespri malen an ki fè yo vin esklav li, pou fè yo fè sa l vle.

Chwazi Kounye ya:

2 Tim 2: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an