2 Timote 2

2
Yon bon sòlda Jezikri
1Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouray nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a. 2Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.
3Tankou #2 Tim 1.8; 4.5 yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. 4Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. 5#2 Tim 4.8 yon atlèt nan yon konkou, li p'ap genyen si li pa respekte règ jwèt la. 6Kiltivatè #1 Kor 9.7,10 ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l nan rekòt la. 7Fè tèt ou travay sou sa m ap di ou la a. Senyè a va fè ou konprann tout bagay.
8Toujou #Wòm 1.3; 2.16; 1 Kor 15.4,20; 2 Sam 7.12 chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve sòti vivan nan lanmò, jan sa di nan bòn nouvèl la. 9Se #Ef 3.1,13; Fil 1.12-14; 2.17 paske m'ap anonse bòn nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. 10Se #Kol 1.24 poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.
11Sa #2 Kor 4.11 se pawòl sèten nèt:
Si nou mouri avèk li,
Avèk li tou, nou va viv.
12Si #Mat 10.33 nou kenbe san lage,
N'ap gouvènen ak li nan wayòm li.
Si nou vire do ba li,
L'ape vire do ban nou tou.
13Si #Wòm 3.2,3; Nonb 23.19 nou pa kenbe pawòl nou,
L'ap toujou kenbe pawòl li,
Bondye p'ap demanti tèt li.
Travay pou resevwa lwanj Bondye
14#1 Tim 6.4; Tit 3.9 tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. 15#1 Tim 4.6; Lik 12.42; Tit 2.7,8 jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a. 16Evite #1 Tim 4.7 tout pawòl san sans ki pa kadre ak verite lafwa a. Moun k'ap fè vye diskisyon sa yo, se kouri y'ap kouri pi lwen Bondye chak jou. 17Pawòl #1 Tim 1.20 y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. 18Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve sòti vivan nan lanmò deja. 19Men, #Nonb 16.5,26; Jan 10.14; Eza 26.13; 28.16,17 pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.
20Nan #1 Kor 3.12 yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdinè. 21Si #2 Tim 3.17 yon moun kenbe tèt li pwòp pou li pa fè sa ki mal, y'a fè li fè yon travay espesyal. Paske lè sa a, l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li. L'a itil Mèt la, li pare pou li fè nenpòt bagay ki byen. 22Pa #1 Tim 6.11; 1.5 kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze. 23Men, #1 Tim 4.7 pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. 24Yon #Tit 1.7 moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans. 25Se #1 Tim 2.4 pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. 26Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo sòti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l te fè yo fè sa l vle.

Chwazi Kounye ya:

2 Timote 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an