YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 99

99
SÒM 99 (98)
Bondye se yon wa apa
1Se #Sòm 80.1; 93.1; 96.9; Eza 24.19 Senyè a ki wa! Pèp yo ap tranble.
Li chita sou fòtèy li anwo zanj cheriben yo.
Tout moun sou latè ap tranble!
2Senyè a #Sòm 113.4; Eza 24.23 gen pouvwa nan peyi Siyon!
L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
3Se #Det 28.58; Joz 24.19; Eza 6.3 pou tout moun fè lwanj li,
paske li gen pouvwa, li merite respè!
Se Bondye tout bon li ye!
4Ou #Det 32.4; Eza 61.8; Jer 23.5 se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat.
Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl.
Ou fè yo fè jistis nan peyi a
san patipri, jan sa dwe fèt.
5Lwanj #Egz 15.2; 1 Kwo 28.2; Sòm 118.28; 132.7; Eza 60.13 pou Senyè a, Bondye nou an!
Bese tèt nou devan fotèy li.
Se Bondye tout bon li ye!
6Moyiz #Egz 17.11; Lev 8.12; 1 Sam 7.9; Jer 15.1 ak Arawon te fè pati prèt li yo!
Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l yo!
Tout twa te rele Senyè a, li te reponn yo.
7Li #Egz 33.9; Nonb 12.5 rete nan poto nyaj la, li pale ak yo.
Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
8Senyè, #Egz 32.35; Nonb 14.20; 20.12; Det 9.20 Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou!
Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye.
Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
9Lwanj #Sòm 2.6 pou Senyè a, Bondye nou an!
Adore l sou mòn ki apa pou li a!
Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

Currently Selected:

Sòm 99: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy