YouVersion Logo
Search Icon

Lik 23

23
Jezi devan Pilat
(Matye 27.1-2,11-14; Mak 15.1-5; Jan 18.28-38)
1Tout bann moun yo leve, yo mennen #Mat 27.2,11-31; Mak 15.1-20; Jan 18.28—19.16 Jezi devan Pilat. 2Rive la, yo #Lik 20.25 pran pale kont Jezi, yo di:
— Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèp la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, li se wa.
3Pilat #1 Tim 6.13 mande li:
— Eske ou se wa jwif yo?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
4Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo:
— Mwen pa wè okenn rezon pou m kondannen nonm sa a.
5Men, yo kenbe la avè l, yo di:
— L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li konmanse travay sa a depi nan peyi Galile, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Jezi devan Ewòd
6Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. 7Aprann #Lik 3.1 Pilat aprann Jezi te sòti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. 8Ewòd #Lik 9.9 pat manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l. Li te kwè li ta pral wè Jezi fè kèk mirak. 9Li poze l anpil kèsyon, men Jezi pa reponn li anyen. 10Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. 11Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat. 12Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.
Yo kondannen Jezi amò
(Matye 27.15-26; Mak 15.6-15; Jan 18.39; 19.16)
13Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. 14Li di yo:
— Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l kèsyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n'ap plede di l fè yo. 15Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. [ 17Pou chak fèt Pak, Pilat te konn grasye yon prizonye li te konn lage bay yo.]
18Yo tout pran rele ansanm:
— Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
( 19Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.)
20Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò. 21Men yo rele:
— Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!
22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo:
— Manyè di m ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
23Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany. 24Se konsa Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo te mande a. 25Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
Yo kloure Jezi sou kwa a
(Matye 27.32-44; Mak 15.21-32; Jan 19.17-27)
26Antan #Mat 27.32; Mak 15.21 sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te sòti nan jaden. Yo pran mesye, yo chaje l anba kwa a pou l pote li dèyè Jezi.
27Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li. 28Jezi vire gade yo, li di yo konsa:
— Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande. Kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo. 29Gen #Lik 21.23 jou k'ap vin dèyè. Lè sa a y'a di: Benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pat janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete. 30#Oze 10.8; Rev 6.16; 9.6 sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou! 31Paske, #1 Pyè 4.17 si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?
32Yo mennen de lòt moun, de kriminèl pou yo touye ansanm ak Jezi. 33#Mat 27.33-56; Mak 15.22-41; Jan 19.17-30 yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. 34Jezi #Mat 5.44; Eza 53.12; Sòm 22.18 di:
— Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. #23.34: Gen maniskri ki pa bay Jezi di: —Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè.
Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. 35Pèp #Sòm 22.7 la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di:
— Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou.
36Sòlda #Sòm 69.21 yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, 37epi yo di li:
— Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
38Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
39Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li:
— Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
40Men lòt la reprann li epi li di li:
— Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! 41Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
42Epi #Mat 16.28 li di Jezi:
— Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou!
43Jezi reponn li:
— Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.
Jezi mouri
(Matye 27.45-56; Mak 15.33-41; Jan 19.28-30)
44Li #Am 8.9 te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. 45Rido #Egz 36.35; Am 9.1 ki te nan tanp lan chire fè de moso. 46Jezi #Sòm 31.5; Tra 7.59 rele byen fò, li di:
— Papa, m ap renmèt lespri mwen nan men ou.
Apre l fin di pawòl sa yo, li mouri.
47Lè kaptenn lame a wè sa k te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di:
— Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sa k te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo. 49Tout #Sòm 38.11; 88.8; Lik 8.2 zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sa k t'ap pase.
Yo mete kò Jezi nan kavo
(Matye 27.57-61; Mak 15.42-47; Jan 19.38-42)
50Te #Mat 27.57-61; Mak 15.42-47; Jan 19.38-42 gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye. 51Li #Lik 2.25,38 t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pat dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside. 52Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi. 53Apre sa, l'al desann kò a sou kwa a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pat ankò janm mete pèsonn ladan li. 54Se te yon jou vandredi, saba ta pral louvri.
55Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li. 56Apre #Egz 12.16; 20.10; Lev 23.8 sa, yo tounen lakay yo, y'al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pat fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l la.

Currently Selected:

Lik 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy