Matye 15:1-20

Matye 15:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa sòti Jerizalèm, yo vin bò kote Jezi. Yo di li: — Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje. Li reponn yo: — Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo? Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: — Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa: Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men se sa k sòti nan bouch li ki ka mete l nan kondisyon sa a. Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a. Jezi reponn yo: — Si se pa Papa m nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li. Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a. Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: — Esplike nou parabòl sa a non. Jezi di: — Nou menm tou, nou san konprann toujou! Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li sòti deyò. Men, bagay ki sòti nan bouch yon moun, se nan kè l sa sòti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Se nan kè l tout move lide sòti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men, kèsyon manje san lave men, jan yo di l la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye.

Matye 15:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors, des Pharisiens et des maîtres de la loi viennent de Jérusalem pour voir Jésus. Ils lui disent : « Tes disciples n’obéissent pas à la tradition des ancêtres. En effet, avant de manger, ils ne se lavent pas les mains. Pourquoi donc ? » Jésus leur répond : « Et vous, à cause de votre tradition, vous n’obéissez pas au commandement de Dieu. Pourquoi ? En effet, Dieu a dit : “Respecte ton père et ta mère.” Il a dit aussi : “Celui qui maudit son père et sa mère, il faut le faire mourir.” Mais vous, vous dites aux gens : “Tu peux dire à ton père ou à ta mère : J’aurais bien quelque chose à te donner pour t’aider. Malheureusement, je dois le donner à Dieu. Alors, tu n’es plus obligé de respecter ton père.” Ainsi, à cause de votre tradition, vous supprimez la parole de Dieu. Hommes faux ! Ésaïe avait raison quand il a parlé de vous. Il a dit de la part de Dieu : “Ce peuple me respecte en paroles seulement, mais son cœur est très loin de moi. Ils me font des prières et des sacrifices, mais cela ne vaut rien. En effet, ce qu’ils enseignent avec assurance, ce sont des commandements humains .” » Ensuite, Jésus appelle la foule et il dit aux gens : « Écoutez-moi, et comprenez bien ceci. Ce qui entre dans la bouche ne rend pas une personne impure. Mais ce qui sort de la bouche, voilà ce qui rend une personne impure. » Alors les disciples s’approchent de Jésus et lui demandent : « Tes paroles ont choqué les Pharisiens, est-ce que tu le sais ? » Jésus leur répond : « Toutes les plantes que mon Père qui est au ciel n’a pas plantées, on les arrachera. Laissez-les ! Ce sont des aveugles qui conduisent des aveugles. Quand un aveugle conduit un autre aveugle, ils vont tomber tous les deux dans un trou ! » Alors Pierre dit à Jésus : « Explique-nous cette comparaison. » Jésus lui répond : « Vous non plus, vous n’êtes pas encore capables de comprendre ? Tout ce qui entre dans la bouche de quelqu’un passe dans son ventre, et ensuite, cela sort de son corps. Vous ne comprenez pas cela ? Mais ce qui sort de la bouche vient du cœur. Voilà ce qui rend une personne impure. En effet, les mauvaises pensées sortent du cœur. Alors les gens tuent les autres, ils commettent l’adultère, ils ont une vie immorale, ils volent. Ils mentent devant le tribunal et ils disent du mal des autres. Voilà ce qui rend une personne impure. Mais quand on ne se lave pas les mains avant de manger, cela ne rend pas impur. »

Matye 15:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!” Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? Bondye di: Onore papa nou ak manman nou. Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò. Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di: Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo, men kè yo lwen mwen. Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.” Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.” Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?” Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.” Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?” Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Matye 15:1-20 New International Version (NIV)

Then some Pharisees and teachers of the law came to Jesus from Jerusalem and asked, “Why do your disciples break the tradition of the elders? They don’t wash their hands before they eat!” Jesus replied, “And why do you break the command of God for the sake of your tradition? For God said, ‘Honor your father and mother’ and ‘Anyone who curses their father or mother is to be put to death.’ But you say that if anyone declares that what might have been used to help their father or mother is ‘devoted to God,’ they are not to ‘honor their father or mother’ with it. Thus you nullify the word of God for the sake of your tradition. You hypocrites! Isaiah was right when he prophesied about you: “ ‘These people honor me with their lips, but their hearts are far from me. They worship me in vain; their teachings are merely human rules.’” Jesus called the crowd to him and said, “Listen and understand. What goes into someone’s mouth does not defile them, but what comes out of their mouth, that is what defiles them.” Then the disciples came to him and asked, “Do you know that the Pharisees were offended when they heard this?” He replied, “Every plant that my heavenly Father has not planted will be pulled up by the roots. Leave them; they are blind guides. If the blind lead the blind, both will fall into a pit.” Peter said, “Explain the parable to us.” “Are you still so dull?” Jesus asked them. “Don’t you see that whatever enters the mouth goes into the stomach and then out of the body? But the things that come out of a person’s mouth come from the heart, and these defile them. For out of the heart come evil thoughts—murder, adultery, sexual immorality, theft, false testimony, slander. These are what defile a person; but eating with unwashed hands does not defile them.”

Matye 15:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A cette époque, des pharisiens et des spécialistes de la Loi vinrent de Jérusalem ; ils abordèrent Jésus pour lui demander : Pourquoi tes disciples ne respectent-ils pas la tradition des ancêtres ? Car ils ne se lavent pas les mains selon le rite usuel avant chaque repas. – Et vous, répliqua-t-il, pourquoi désobéissez-vous au commandement de Dieu pour suivre votre tradition ? En effet, Dieu a dit : Honore ton père et ta mère et Que celui qui maudit son père ou sa mère soit puni de mort . Mais vous, qu’enseignez-vous ? Qu’il suffit de dire à son père ou à sa mère : « Je fais offrande à Dieu d’une part de mes biens avec laquelle j’aurais pu t’assister », pour ne plus rien devoir à son père ou à sa mère. Ainsi vous annulez la Parole de Dieu par votre tradition. Hypocrites ! Esaïe a fort bien prophétisé à votre sujet : Ce peuple m’honore des lèvres, mais, au fond de son cœur, il est bien loin de moi ! Le culte qu’il me rend n’a aucune valeur, car les enseignements qu’il donne ne sont que des règles inventées par les hommes . Alors Jésus appela la foule et lui dit : Ecoutez-moi et comprenez-moi bien : Ce qui rend un homme impur, ce n’est pas ce qui entre dans sa bouche, mais c’est ce qui en sort. Alors les disciples s’approchèrent de lui pour lui dire : Sais-tu que les pharisiens ont été très choqués par tes paroles ? Il leur répondit : Toute plante que mon Père céleste n’a pas lui-même plantée sera arrachée. Laissez-les : ce sont des aveugles qui conduisent d’autres aveugles ! Or, si un aveugle en conduit un autre, ils tomberont tous deux dans le fossé. Pierre intervint en disant : Explique-nous cette parabole. – Eh quoi ! répondit Jésus, vous ne comprenez toujours pas, vous aussi ? Ne saisissez-vous pas que tout ce qui entre par la bouche va dans le ventre, puis est évacué par voie naturelle ? Mais ce qui sort de la bouche vient du cœur, et c’est cela qui rend l’homme impur. Car, c’est du cœur que proviennent les mauvaises pensées, les meurtres, les adultères, l’immoralité, le vol, les faux témoignages, les blasphèmes. Voilà ce qui rend l’homme impur. Mais manger sans s’être lavé les mains ne rend pas l’homme impur.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an