Matye 15

15
Koutim granmoun lontan yo
(Mak 7.1-13)
1Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa sòti #Mak 7.1-23 Jerizalèm, yo vin bò kote Jezi. Yo di li:
2— Poukisa #Det 4.2; Lik 11.38 disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
3Li reponn yo:
— Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo? 4Tande #Egz 20.12; 21.17; Det 5.16 byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l. 5Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, 6moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. 7Bann #Eza 29.13 ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:
8Se nan bouch pèp sa a respekte mwen.
Men, kè yo byen lwen mwen.
9Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen.
Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.
Sa ki mete moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye
(Mak 7.14-23)
10Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo:
— Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa: 11Se #Mat 12.34; 1 Tim 4.4 pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men se sa k sòti nan bouch li ki ka mete l nan kondisyon sa a.
12Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a.
13Jezi #Jan 15.2 reponn yo:
— Si se pa Papa m nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li. 14Pa #Mat 23.24; Lik 6.39; Jan 9.40; Wòm 2.19 okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
15Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa:
— Esplike nou parabòl sa a non.
16Jezi di:
— Nou menm tou, nou san konprann toujou! 17Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li sòti deyò. 18Men, bagay ki sòti nan bouch yon moun, se nan kè l sa sòti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. 19Se #Jen 8.21 nan kè l tout move lide sòti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. 20Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men, kèsyon manje san lave men, jan yo di l la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye.
Yon fanm ki pat jwif kwè nan Jezi
(Mak 7.24-30)
21Jezi #Mak 7.24-30 kite kote l te ye a, l'ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon. 22Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele:
— Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l anpil.
23Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Fè l ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou.
24Jezi #Mat 10.6 reponn:
— Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen.
25Men, fanm lan vini, li lage kò l nan pye Jezi, li di li konsa:
— Mèt, fè kichòy pou mwen non.
26Jezi reponn li:
— Li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen.
27Fanm lan reponn li:
— Se vre wi, Mèt! Men ti chen ki anba tab mèt li, li ka manje ti kal ki tonbe atè yo.
28#Mat 8.10,13 sa a, Jezi di li:
— Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l la.
Menm lè a, pitit fi l la geri.
Jezi geri anpil moun malad
29Jezi #Mak 7.31 kite kote l te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la. 30Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. 31Foul #Mak 7.37 moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.
Jezi bay katmil moun manje
(Mak 8.1-10)
32Jezi #Mak 8.1-10 rele #Mat 14.14 disip li yo, li di:
— Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.
33Disip yo mande li:
— Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
34Jezi mande yo:
— Konbe pen nou gen konsa?
Yo reponn li:
— Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.
35Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè. 36Li pran sèt pen yo ak pwason yo. Li rann Bondye gras. Li kase yo renmèt disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 37Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo. 38Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. 39Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, l'ale nan yon peyi yo rele Magadan.

Chwazi Kounye ya:

Matye 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an