Matye 10:1-23

Matye 10:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a. Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: — Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. Sou tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay. Pa soti ni ak lò, ni ak lajan peyi, ni ak lajan etranje nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa pran ni rad derechany, ni soulye derechany, ni baton. Paske ouvriye merite salè li. — Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou yo. Men, si yo pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, sòti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap pini moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò. — Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou. — Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.

Matye 10:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus appelle ses douze disciples. Il leur donne le pouvoir de chasser les esprits mauvais et de guérir toutes les maladies et toutes les douleurs. Voici les noms de ces douze apôtres : d’abord Simon qu’on appelle Pierre et André, son frère, Jacques et son frère Jean, les fils de Zébédée, Philippe et Barthélemy, Thomas et Matthieu l’employé des impôts, Jacques le fils d’Alphée et Thaddée, Simon le nationaliste et Judas Iscariote, celui qui va livrer Jésus. Jésus envoie les douze apôtres dans le pays. Il leur donne ces ordres et ces conseils : « N’allez pas chez les gens qui ne sont pas juifs, n’entrez pas dans les villes de Samarie. Allez plutôt vers les gens d’Israël qui sont comme des moutons perdus. Sur les chemins, annoncez : “Le Royaume des cieux est tout près de vous !” Guérissez les malades, rendez la vie aux morts, guérissez les lépreux, chassez les esprits mauvais. Vous avez reçu gratuitement, donnez donc gratuitement. N’emportez pas d’or, pas d’argent, pas de monnaie dans votre poche. Ne prenez pas de sac pour le voyage. Emportez un seul vêtement. Ne prenez pas de sandales ni de bâton. En effet, l’ouvrier doit recevoir sa nourriture. « Quand vous entrez dans une ville ou un village, cherchez quelqu’un qui est prêt à vous accueillir. Restez chez cette personne jusqu’au moment où vous quitterez l’endroit. Quand vous entrez dans une maison, dites : “Que Dieu vous donne la paix !” Si les habitants de la maison sont prêts à recevoir la paix, que votre salutation leur donne la paix ! Mais s’ils ne sont pas prêts à vous recevoir, reprenez votre salutation de paix ! Quand on ne vous accueille pas et qu’on n’écoute pas vos paroles dans une maison ou dans une ville, partez de là et secouez la poussière de vos pieds . Je vous le dis, c’est la vérité : le jour où Dieu jugera les gens, il sera moins sévère avec les habitants de Sodome et de Gomorrhe qu’avec les habitants de cette ville ! » « Écoutez ! Je vous envoie comme des moutons au milieu des loups. Soyez donc prudents comme les serpents, et innocents comme les colombes. Faites attention ! Des gens vous livreront aux tribunaux. Ils vous frapperont à coups de fouet dans leurs maisons de prière. On vous conduira devant des gouverneurs et des rois, à cause de moi. Alors vous serez mes témoins devant eux et devant ceux qui ne sont pas juifs. Quand on vous emmènera, ne soyez pas inquiets en vous demandant : “Comment allons-nous parler ? Qu’est-ce que nous allons dire ?” Oui, à ce moment-là, Dieu vous donnera les paroles qu’il faut dire. En effet, ce n’est pas vous qui parlerez, mais c’est l’Esprit de votre Père qui parlera par vous. « Le frère livrera son frère pour qu’on le tue. Le père fera la même chose avec son enfant. Les enfants deviendront les ennemis de leurs parents et ils les feront condamner à mort. Tout le monde vous détestera à cause de moi. Mais celui qui résistera jusqu’à la fin, Dieu le sauvera. Quand on vous fera souffrir dans une ville, partez dans une autre. Je vous le dis, c’est la vérité : quand le Fils de l’homme viendra, vous ne serez pas encore passés dans toutes les villes d’Israël.

Matye 10:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan, Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak pitit Alfe ak Tade, Simon, zelòt la ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi. Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. Nou pa bezwen pote lajan pòch. Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li. Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò. Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale. Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

Matye 10:1-23 New International Version (NIV)

Jesus called his twelve disciples to him and gave them authority to drive out impure spirits and to heal every disease and sickness. These are the names of the twelve apostles: first, Simon (who is called Peter) and his brother Andrew; James son of Zebedee, and his brother John; Philip and Bartholomew; Thomas and Matthew the tax collector; James son of Alphaeus, and Thaddaeus; Simon the Zealot and Judas Iscariot, who betrayed him. These twelve Jesus sent out with the following instructions: “Do not go among the Gentiles or enter any town of the Samaritans. Go rather to the lost sheep of Israel. As you go, proclaim this message: ‘The kingdom of heaven has come near.’ Heal the sick, raise the dead, cleanse those who have leprosy, drive out demons. Freely you have received; freely give. “Do not get any gold or silver or copper to take with you in your belts— no bag for the journey or extra shirt or sandals or a staff, for the worker is worth his keep. Whatever town or village you enter, search there for some worthy person and stay at their house until you leave. As you enter the home, give it your greeting. If the home is deserving, let your peace rest on it; if it is not, let your peace return to you. If anyone will not welcome you or listen to your words, leave that home or town and shake the dust off your feet. Truly I tell you, it will be more bearable for Sodom and Gomorrah on the day of judgment than for that town. “I am sending you out like sheep among wolves. Therefore be as shrewd as snakes and as innocent as doves. Be on your guard; you will be handed over to the local councils and be flogged in the synagogues. On my account you will be brought before governors and kings as witnesses to them and to the Gentiles. But when they arrest you, do not worry about what to say or how to say it. At that time you will be given what to say, for it will not be you speaking, but the Spirit of your Father speaking through you. “Brother will betray brother to death, and a father his child; children will rebel against their parents and have them put to death. You will be hated by everyone because of me, but the one who stands firm to the end will be saved. When you are persecuted in one place, flee to another. Truly I tell you, you will not finish going through the towns of Israel before the Son of Man comes.

Matye 10:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus appela ses douze disciples et leur donna l’autorité de chasser les esprits mauvais et de guérir toute maladie et toute infirmité. Voici les noms des douze apôtres : d’abord, Simon appelé Pierre puis André son frère ; Jacques, fils de Zébédée, et Jean son frère ; Philippe et Barthélemy ; Thomas et Matthieu, le collecteur d’impôts ; Jacques, fils d’Alphée, et Thaddée ; Simon, le Zélé, et Judas Iscariot, celui qui a trahi Jésus. Ce sont ces douze hommes que Jésus envoya, après leur avoir fait les recommandations suivantes : N’allez pas dans les contrées étrangères et n’entrez pas dans les villes de la Samarie. Rendez-vous plutôt auprès des brebis perdues du peuple d’Israël. En chemin, annoncez que le royaume des cieux est proche. Guérissez les malades, ressuscitez les morts, rendez purs les lépreux, expulsez les démons. Vous avez reçu gratuitement, donnez gratuitement. Ne mettez dans vos bourses ni or, ni argent, ni pièce de cuivre. N’emportez pour le voyage ni sac, ni tunique de rechange, ni sandales, ni bâton, car « l’ouvrier mérite sa nourriture ». Chaque fois que vous arriverez dans une ville ou un village, cherchez quelqu’un qui soit respectable et restez chez lui jusqu’à votre départ de la localité. En entrant dans la maison, saluez ses occupants. S’ils en sont dignes, que la paix que vous leur souhaitez repose sur eux. Sinon, qu’elle vous revienne. Si, dans une maison ou dans une ville, on ne veut pas vous recevoir, ni écouter vos paroles, quittez la maison ou la ville en secouant la poussière de vos pieds. Vraiment, je vous l’assure : au jour du jugement, les villes de Sodome et de Gomorrhe seront traitées avec moins de rigueur que les habitants de ces lieux-là. Voici : moi, je vous envoie comme des brebis au milieu des loups. Soyez prudents comme des serpents et innocents comme des colombes. Soyez sur vos gardes ; car on vous traduira devant les tribunaux des Juifs et l’on vous fera fouetter dans leurs synagogues. On vous forcera à comparaître devant des gouverneurs et des rois à cause de moi pour leur apporter un témoignage, ainsi qu’aux non-Juifs. Lorsqu’on vous livrera aux autorités, ne vous inquiétez ni du contenu ni de la forme de ce que vous direz, car cela vous sera donné au moment même. En effet, ce n’est pas vous qui parlerez, ce sera l’Esprit de votre Père qui parlera par votre bouche. Le frère livrera son propre frère pour le faire condamner à mort, et le père livrera son enfant. Des enfants se dresseront contre leurs parents et les feront mettre à mort. Tout le monde vous haïra à cause de moi. Mais celui qui tiendra bon jusqu’au bout sera sauvé. Si l’on vous persécute dans une ville, fuyez dans une autre ; vraiment, je vous l’assure : vous n’achèverez pas le tour des villes d’Israël avant que le Fils de l’homme vienne.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an