Lik 18:1-17

Lik 18:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje: — Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon vil. Li pa te gen krentif pou Bondye, ni li pa te gen respè pou pesonn moun. Nan menm vil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont lènmi mwen yo. Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l: Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa l'a sispann anbete mwen. Jezi di: — Nou tande sa move jij la di! Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou? Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun: — Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. Farizyen an kanpe, l' ap lapriyè konsa nan kè li: Mèsi Bondye deske mwen pa vòlò, ni malveyan, ni adiltè tankou lòt moun. Mèsi deske mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li. Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: — Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l nan peyi kote Bondye Wa a.

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus raconte une histoire aux disciples pour leur montrer ceci : il faut toujours prier et ne pas se décourager. Il leur dit : « Dans une ville, il y a un juge. Il ne respecte pas Dieu et il se moque des gens. Dans cette ville, il y a aussi une veuve. Souvent, elle va chez le juge pour lui dire : “Fais-moi justice contre mon adversaire !” Pendant longtemps, le juge ne veut pas. Ensuite il se dit : “Je ne respecte pas Dieu et je me moque des gens, mais cette veuve me fatigue. C’est pourquoi je vais lui faire justice. Alors elle ne viendra plus m’ennuyer sans arrêt.” » Le Seigneur ajoute : « Écoutez bien ce qu’il dit, ce mauvais juge ! Eh bien, est-ce que Dieu ne va pas faire justice à ses amis qui crient vers lui jour et nuit ? Est-ce qu’il les fait attendre ? Je vous le dis : il va leur faire justice bien vite. Mais quand le Fils de l’homme viendra, est-ce qu’il trouvera des croyants sur la terre ? » Certains croyaient être justes et ils méprisaient tous les autres. Pour eux, Jésus raconte cette histoire : « Deux hommes vont au temple pour prier. L’un est Pharisien, l’autre est employé des impôts. Le Pharisien se met devant. Voici comment il prie dans son cœur : “Mon Dieu, je te remercie parce que je ne suis pas comme les autres. Ils sont voleurs, injustes, adultères. Et je te remercie parce que je ne suis pas comme cet employé des impôts. Je jeûne deux fois par semaine. Je te donne le dixième de tout ce que je gagne.” L’employé des impôts reste derrière, il ne veut même pas lever les yeux vers le ciel. Mais il se frappe la poitrine pour demander pardon et il dit : “Mon Dieu, aie pitié de moi ! Je suis un homme pécheur.” » Jésus ajoute : « Oui, je vous le dis, l’employé des impôts rentre chez lui, et Dieu le considère comme une personne juste. Ce n’est pas le cas du Pharisien. En effet, celui qui veut être au-dessus des autres, on lui donnera la dernière place. Et celui qui prend la dernière place, on le mettra au-dessus des autres. » Des gens amènent aussi les bébés à Jésus pour qu’il les touche. En voyant cela, les disciples leur font des reproches. Mais Jésus fait approcher les bébés et il dit : « Laissez les enfants venir à moi, ne les empêchez pas ! En effet, le Royaume de Dieu appartient à ceux qui sont comme les enfants. Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un ne reçoit pas le Royaume de Dieu comme un enfant, cette personne ne pourra jamais y entrer. »

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi di disip li yo pou yo toujou priye epi pou yo pa janm pèdi espwa. Li rakonte yo parabòl sa a. Li di yo: “Te gen yon jij nan yon vil. Jij sa a pa t gen okenn respè pou Bondye ni pou pèsonn moun. Te gen yon vèv nan vil la ki te toujou ap vin kote jij la pou di li: Rann mwen jistis non kont nonm sa a ki fè move bagay kont mwen an. Pandan yon bon tan, jij la te refize bay vèv la jistis. Men apre sa, jij la di nan kè l: Se vre mwen pa respekte ni Bondye ni lèzòm, men, vèv sa a anbete m twòp. M ap rann li jistis pou l ka kite m anrepo, pou l pa fini ak mwen.” Jezi di: “Tande byen wi kisa move jij la di.” Moun Bondye chwazi yo ap priye l lajounen kou lannuit. L ap toujou ba yo sa ki bon. Li p ap pran anpil tan pou l reponn yo. Mwen di nou sa: “Bondye p ap pran lontan pou l vin ede pèp li a. Men, lè Pitit Lòm nan va vini, èske l ap jwenn moun k ap mache dwat devan Bondye toujou sou latè?” Te gen kèk moun ki te panse yo menm yo te dwat devan Bondye, sa fè yo t ap meprize lòt moun. Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l anseye yo: “Vwala te gen de mesye ki t al nan tanp lan pou priye. Youn nan yo se te yon Farizyen, lòt la menm te yon pèseptè kontribisyon. Farizyen an kanpe apa, a yon distans de pèseptè kontribisyon an. Li t ap lapriyè konsa: Bondye, mèsi dèske mwen pa move moun tankou lòt moun yo. Mèsi dèske mwen pa ni vòlò, ni mechan, ni adiltè. Mèsi dèske mwen pi bon pase pèseptè kontribisyon sa a. Mwen fè jèn de (2) fwa pa senmenn epi mwen peye dim sou tout sa m genyen! Pèseptè kontribisyon an te kanpe apa tou a yon distans. Men, lè l ap lapriyè, li pa menm vle leve tèt li gade syèl la. Li t ap bat lestomak li, li t ap di: O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen fè anpil peche! M ap di nou sa: Lè pèseptè kontribisyon an fin priye, li tounen lakay li jis devan Bondye. Kanta pou Farizyen an, Bondye pa tande priyè li, paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.” Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. Jezi menm rele timoun yo vin jwenn li epi li di disip li yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske Wayòm Bondye a se pou moun ki tankou yo. An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.”

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:1-17 New International Version (NIV)

Then Jesus told his disciples a parable to show them that they should always pray and not give up. He said: “In a certain town there was a judge who neither feared God nor cared what people thought. And there was a widow in that town who kept coming to him with the plea, ‘Grant me justice against my adversary.’ “For some time he refused. But finally he said to himself, ‘Even though I don’t fear God or care what people think, yet because this widow keeps bothering me, I will see that she gets justice, so that she won’t eventually come and attack me!’ ” And the Lord said, “Listen to what the unjust judge says. And will not God bring about justice for his chosen ones, who cry out to him day and night? Will he keep putting them off? I tell you, he will see that they get justice, and quickly. However, when the Son of Man comes, will he find faith on the earth?” To some who were confident of their own righteousness and looked down on everyone else, Jesus told this parable: “Two men went up to the temple to pray, one a Pharisee and the other a tax collector. The Pharisee stood by himself and prayed: ‘God, I thank you that I am not like other people—robbers, evildoers, adulterers—or even like this tax collector. I fast twice a week and give a tenth of all I get.’ “But the tax collector stood at a distance. He would not even look up to heaven, but beat his breast and said, ‘God, have mercy on me, a sinner.’ “I tell you that this man, rather than the other, went home justified before God. For all those who exalt themselves will be humbled, and those who humble themselves will be exalted.” People were also bringing babies to Jesus for him to place his hands on them. When the disciples saw this, they rebuked them. But Jesus called the children to him and said, “Let the little children come to me, and do not hinder them, for the kingdom of God belongs to such as these. Truly I tell you, anyone who will not receive the kingdom of God like a little child will never enter it.”

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pour montrer qu’il est nécessaire de prier constamment, sans jamais se décourager, Jésus raconta à ses disciples la parabole suivante : Il y avait dans une ville un juge qui ne craignait pas Dieu et qui n’avait d’égards pour personne. Il y avait aussi, dans cette même ville, une veuve qui venait constamment le trouver pour lui dire : « Défends mon droit contre mon adversaire. » Pendant longtemps, il refusa. Mais il finit par se dire : « J’ai beau ne pas craindre Dieu et ne pas me préoccuper des hommes, cette veuve m’ennuie ; je vais donc lui donner gain de cause pour qu’elle ne vienne plus sans cesse me casser la tête. » Le Seigneur ajouta : Notez bien comment ce mauvais juge réagit. Alors, pouvez-vous supposer que Dieu ne défendra pas le droit de ceux qu’il a choisis et qui crient à lui jour et nuit, et qu’il tardera à leur venir en aide ? Moi je vous dis qu’il défendra leur droit promptement. Seulement, lorsque le Fils de l’homme viendra, trouvera-t-il encore la foi sur la terre ? Il raconta aussi une parabole pour ceux qui étaient convaincus d’être justes et méprisaient les autres : Deux hommes montèrent au Temple pour prier : un pharisien et un collecteur d’impôts. Le pharisien, debout, faisait intérieurement cette prière: « O Dieu, je te remercie de ne pas être avare, malhonnête et adultère comme les autres hommes, et en particulier comme ce collecteur d’impôts là-bas. Moi, je jeûne deux jours par semaine, je donne dix pour cent de tous mes revenus. » Le collecteur d’impôts se tenait dans un coin retiré, et n’osait même pas lever les yeux au ciel. Mais il se frappait la poitrine et murmurait : « O Dieu, aie pitié du pécheur que je suis ! » Je vous l’assure, c’est ce dernier et non pas l’autre qui est rentré chez lui déclaré juste par Dieu. Car celui qui s’élève sera abaissé ; celui qui s’abaisse sera élevé. Des gens amenèrent à Jésus de tout petits enfants pour qu’il pose les mains sur eux. Mais, quand les disciples virent cela, ils leur firent des reproches. Jésus les fit venir et leur dit : Laissez les petits enfants venir à moi et ne les en empêchez pas, car le royaume de Dieu appartient à ceux qui leur ressemblent. Vraiment, je vous l’assure : celui qui ne reçoit pas le royaume de Dieu comme un petit enfant, n’y entrera pas.

Pataje
Li Lik 18

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an