Lik 17:1-19

Lik 17:1-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi di disip li yo: — Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. Prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Wi, sa ta pi bon pou li pase pou li ta lakòz yonn nan ti nonsan sa yo tonbe nan peche. Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li. Apòt yo di Jezi: — Fè nou gen plis konfyans non. Jezi di yo: — Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou. — Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la sòti nan jaden, eske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje. Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m fin manje, ou menm w'a manje, w'a bwè. Li pa gen mèsi pou l di domestik la paske domestik la fè sa l te mande l fè a, pa vre. Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n di: Se domestik nou ye, nou fè sàn te dwe fè. Pandan Jezi te nan chemen pou l'al Jerizalèm, li t'ap pase sou fontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. Antan l t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l, yo pale byen fò, yo di l konsa: — Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. Lè Jezi wè yo, li di: — Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. Yonn ladan yo ki wè li geri, li kase tèt tounen, epi li pran rele: Beniswa Letènèl byen fò. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. Jezi pran lapawòl, li di l: — Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l vin fè lwanj Bondye? Epi li di li: — Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.

Pataje
Li Lik 17

Lik 17:1-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus dit à ses disciples : « Il y aura toujours des occasions de tomber dans le péché. Mais quel malheur pour celui qui fait tomber les autres dans le péché ! Supposons ceci : on lui attache une grosse pierre au cou et on le jette dans la mer. Eh bien, cela vaut mieux pour lui que de pousser un seul de ces petits à faire le mal. Faites attention ! « Si ton frère fait le mal, fais-lui des reproches. Et s’il le regrette, pardonne-lui. S’il te fait du mal sept fois par jour et si sept fois par jour, il revient te dire : “Je regrette”, tu lui pardonneras. » Les apôtres disent au Seigneur : « Donne-nous une foi plus grande ! » Le Seigneur répond : « Si votre foi est aussi petite qu’une graine, vous pouvez dire à cet arbre : “Arrache tes racines d’ici et va te planter dans la mer !”, il vous obéira. » « Supposons ceci : l’un de vous a un serviteur. Il laboure les champs ou il garde les troupeaux. Quand le serviteur revient des champs, vous ne lui dites pas : “Va vite manger !” Au contraire, vous lui dites : “Prépare mon repas. Ensuite, change de vêtement, viens me servir pendant que je mange et que je bois. Après, tu mangeras et tu boiras à ton tour.” Vous ne remerciez pas votre serviteur parce qu’il a fait ce que vous avez commandé. « C’est la même chose pour vous maintenant. Quand vous faites tout ce que Dieu vous commande, dites : “Nous sommes des serviteurs ordinaires, nous avons fait seulement ce que nous devions faire.” » Jésus marche vers Jérusalem. Il traverse la Samarie et la Galilée. Il entre dans un village, et dix lépreux viennent à sa rencontre. Ils restent assez loin de Jésus et ils se mettent à crier : « Jésus, maître, aie pitié de nous ! » Jésus les voit et il leur dit : « Allez vous montrer aux prêtres. » Pendant qu’ils y vont, ils sont guéris. Quand l’un d’eux voit qu’il est guéri, il revient et, à pleine voix, il dit : « Gloire à Dieu ! » Il se jette aux pieds de Jésus, le front contre le sol, et il le remercie. Cet homme est un Samaritain. Alors Jésus dit : « Tous les dix ont été guéris. Et les neuf autres, où sont-ils ? Parmi eux tous, personne n’est revenu pour dire “Gloire à Dieu”. Il n’y a que cet étranger ! » Et Jésus dit au Samaritain : « Lève-toi, va, ta foi t’a sauvé. »

Pataje
Li Lik 17

Lik 17:1-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou. Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.” Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.” Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.” “Sipoze youn nan nou ta gen yon sèvitè k ap travay tè pou li osinon k ap gade mouton pou li. Kou sèvitè a sot nan jaden, èske mèt la ap di l: vin chita pou manje? Natirèlman, non! Okontrè, l ap di sèvitè a: Prepare manje pou mwen pou m manje. Mare tabliye w nan tay ou, sèvi m jouktan m fin manje m fin bwè. Apre sa, ou a manje epi ou a bwè. Mèt la pa menm bezwen di sèvitè a mèsi, paske sèvitè a t ap fè sa mèt li te kòmande l fè. Se menm jan an tou pou nou menm. Lè nou fin fè tout sa yo te ban nou lòd fè, se pou nou di: Nou pa merite okenn remèsiman espesyal paske se sèlman sa nou te dwe fè nou fè.” Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye. Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”

Pataje
Li Lik 17

Lik 17:1-19 New International Version (NIV)

Jesus said to his disciples: “Things that cause people to stumble are bound to come, but woe to anyone through whom they come. It would be better for them to be thrown into the sea with a millstone tied around their neck than to cause one of these little ones to stumble. So watch yourselves. “If your brother or sister sins against you, rebuke them; and if they repent, forgive them. Even if they sin against you seven times in a day and seven times come back to you saying ‘I repent,’ you must forgive them.” The apostles said to the Lord, “Increase our faith!” He replied, “If you have faith as small as a mustard seed, you can say to this mulberry tree, ‘Be uprooted and planted in the sea,’ and it will obey you. “Suppose one of you has a servant plowing or looking after the sheep. Will he say to the servant when he comes in from the field, ‘Come along now and sit down to eat’? Won’t he rather say, ‘Prepare my supper, get yourself ready and wait on me while I eat and drink; after that you may eat and drink’? Will he thank the servant because he did what he was told to do? So you also, when you have done everything you were told to do, should say, ‘We are unworthy servants; we have only done our duty.’ ” Now on his way to Jerusalem, Jesus traveled along the border between Samaria and Galilee. As he was going into a village, ten men who had leprosy met him. They stood at a distance and called out in a loud voice, “Jesus, Master, have pity on us!” When he saw them, he said, “Go, show yourselves to the priests.” And as they went, they were cleansed. One of them, when he saw he was healed, came back, praising God in a loud voice. He threw himself at Jesus’ feet and thanked him—and he was a Samaritan. Jesus asked, “Were not all ten cleansed? Where are the other nine? Has no one returned to give praise to God except this foreigner?” Then he said to him, “Rise and go; your faith has made you well.”

Pataje
Li Lik 17

Lik 17:1-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus dit à ses disciples : Il est inévitable qu’il y ait pour les hommes des occasions de chute, mais malheur à celui qui crée de telles occasions. Mieux vaudrait pour lui être précipité dans le lac avec une pierre de meule attachée au cou que de provoquer la chute de l’un de ces petits. Prenez donc bien garde à vous-mêmes ! Si ton frère s’est rendu coupable d’une faute, reprends-le et, s’il change d’attitude, pardonne-lui. Et même s’il se rend coupable à ton égard sept fois au cours de la même journée, et que sept fois il vienne te trouver en disant qu’il change d’attitude, pardonne-lui. Les apôtres dirent au Seigneur : Augmente notre foi. – Si vous aviez la foi, leur répondit le Seigneur, même aussi petite qu’une graine de moutarde, vous pourriez commander à ce mûrier-là : « Arrache tes racines du sol et va te planter dans la mer » et il vous obéirait. Supposons que l’un de vous ait un serviteur occupé à labourer ou à garder le troupeau. En le voyant rentrer des champs, lui direz-vous : « Viens vite, assieds-toi à table » ? Ne lui direz-vous pas plutôt : « Prépare-moi mon dîner, mets-toi en tenue pour me servir jusqu’à ce que j’aie fini de manger et de boire ; ensuite tu mangeras et tu boiras à ton tour » ? Le maître doit-il une reconnaissance particulière à cet esclave parce qu’il a fait ce qui lui était commandé ? Bien sûr que non ! Il en est de même pour vous. Quand vous aurez fait tout ce qui vous est commandé, dites : « Nous ne sommes que des serviteurs sans mérite particulier ; nous n’avons fait que notre devoir. » Alors qu’il se rendait à Jérusalem, Jésus longea la frontière entre la Samarie et la Galilée. A l’entrée d’un village, dix lépreux vinrent à sa rencontre ; ils s’arrêtèrent à distance et se mirent à le supplier à haute voix : Jésus, Maître, aie pitié de nous ! Jésus les vit et leur dit : Allez vous montrer aux prêtres  ! Pendant qu’ils y allaient, ils furent guéris. L’un d’eux, quand il se rendit compte qu’il était guéri, revint sur ses pas en louant Dieu à pleine voix. Il se prosterna aux pieds de Jésus, face contre terre, et le remercia. Or, c’était un Samaritain. Alors Jésus dit : Ils sont bien dix qui ont été guéris, n’est-ce pas ? Où sont donc les neuf autres ? Il ne s’est donc trouvé personne d’autre que cet étranger pour revenir louer Dieu ? Puis, s’adressant à ce Samaritain, il lui dit : Relève-toi, et va : parce que tu as eu foi en moi, tu es sauvé.

Pataje
Li Lik 17

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an