Jan 9:24-41

Jan 9:24-41 1998 Haïtienne (HAT98)

Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: — Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal. Li reponn yo: — Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, kounyeya mwen wè. Yo mande li: — Men, kisa l te fè? Ki jan l te fè pou louvri je ou yo? Li reponn yo: — Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m redi l ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li? Yo joure l, yo di l konsa: — Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz. Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l sòti. Nonm lan reponn yo: — Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l sòti? Epi, se li menm ki louvri je m yo! Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l, yon moun ki fè volonte l k'ap pale avè li. Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. Si nonm sa a pat sòti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen. Yo reponn li: — Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson kounyeya? Epi yo mete l deyò nan sinagòg la. Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l, li di l konsa: — Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a? Nonm lan reponn li: — Mèt, di m ki moun li ye pou m ka kwè nan li? Jezi reponn li: — Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi. Nonm lan di: — Senyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi. Lè sa a, Jezi di: — Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg. Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l: — Eske nou menm tou, nou avèg? Jezi reponn yo: — Si nou te avèg, nou pa ta koupab akòz sa. Men paske n'ap plede di: nou wè, nou wè, se poutèt sa peche nou rete sou nou toujou.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:24-41 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors, pour la deuxième fois, les Pharisiens appellent l’homme qui était aveugle, et ils lui disent : « Dis la vérité devant Dieu ! Nous, nous le savons, celui qui t’a guéri est un homme pécheur. » Il leur répond : « Je ne sais pas si c’est un pécheur. Mais je sais une seule chose : j’étais aveugle et maintenant je vois clair. » Ils lui demandent : « Qu’est-ce qu’il t’a fait ? Comment est-ce qu’il t’a ouvert les yeux ? » L’homme leur répond : « Je vous l’ai déjà dit, mais vous n’avez pas écouté. Vous voulez l’entendre une deuxième fois, pourquoi donc ? Vous avez peut-être envie de devenir les disciples de Jésus, vous aussi ! » Alors ils se mettent à l’insulter. Ils lui disent : « C’est toi qui es le disciple de cet homme, nous, nous sommes les disciples de Moïse ! Nous, nous savons que Dieu a parlé à Moïse, mais cet homme-là, nous ne savons pas d’où il vient. » L’aveugle guéri leur répond : « Voilà une chose étonnante ! Il m’a ouvert les yeux, et pourtant vous ne savez pas d’où il vient ! Nous le savons, Dieu n’écoute pas les pécheurs. Mais il écoute celui qui est fidèle envers lui et qui fait sa volonté. On n’a jamais entendu dire : quelqu’un a ouvert les yeux d’un homme qui est né aveugle. L’homme qui fait cela vient de Dieu, sinon, il ne pourrait rien faire. » Ils lui répondent : « Depuis ta naissance, tu es tout entier dans le péché, et tu veux nous apprendre quelque chose ? » Alors ils le mettent dehors. Jésus apprend que les Pharisiens ont mis dehors l’aveugle guéri. Jésus va donc le trouver et il lui dit : « Est-ce que toi, tu crois au Fils de l’homme ? » L’homme lui répond : « Seigneur, qui est-ce ? Je veux croire en lui. » Jésus lui dit : « Eh bien, tu le vois : celui qui te parle maintenant, c’est lui. » L’homme dit : « Seigneur, je crois. » Et il se met à genoux devant Jésus. Ensuite Jésus dit : « Je suis venu dans ce monde pour que les aveugles voient clair et pour que ceux qui voient clair deviennent aveugles. Voilà le jugement. » Quelques Pharisiens sont là. Ils entendent les paroles de Jésus et ils lui demandent : « Est-ce que nous sommes aveugles, nous aussi ? » Jésus leur répond : « Si vous étiez aveugles, vous ne seriez pas pécheurs. Mais, en fait, vous dites : “Nous voyons clair.” C’est pourquoi vous restez des pécheurs. »

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:24-41 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.” Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.” Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?” Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?” Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti. Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa. Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò. Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?” Nonm nan reponn: “Ki moun li ye, Mesye, pou m kapab kwè nan li?” Jezi di l konsa: “Ou gentan wè li. Pitit Lòm nan, se li menm menm k ap pale avèk ou la a.” Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l. Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.” Kèk Farizyen te toupre a, lè Jezi te di sa a, epi yo tande. Lè sa a, yo di: “Sa li ye? Èske w vle di nou avèg tou?” Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:24-41 New International Version (NIV)

A second time they summoned the man who had been blind. “Give glory to God by telling the truth,” they said. “We know this man is a sinner.” He replied, “Whether he is a sinner or not, I don’t know. One thing I do know. I was blind but now I see!” Then they asked him, “What did he do to you? How did he open your eyes?” He answered, “I have told you already and you did not listen. Why do you want to hear it again? Do you want to become his disciples too?” Then they hurled insults at him and said, “You are this fellow’s disciple! We are disciples of Moses! We know that God spoke to Moses, but as for this fellow, we don’t even know where he comes from.” The man answered, “Now that is remarkable! You don’t know where he comes from, yet he opened my eyes. We know that God does not listen to sinners. He listens to the godly person who does his will. Nobody has ever heard of opening the eyes of a man born blind. If this man were not from God, he could do nothing.” To this they replied, “You were steeped in sin at birth; how dare you lecture us!” And they threw him out. Jesus heard that they had thrown him out, and when he found him, he said, “Do you believe in the Son of Man?” “Who is he, sir?” the man asked. “Tell me so that I may believe in him.” Jesus said, “You have now seen him; in fact, he is the one speaking with you.” Then the man said, “Lord, I believe,” and he worshiped him. Jesus said, “For judgment I have come into this world, so that the blind will see and those who see will become blind.” Some Pharisees who were with him heard him say this and asked, “What? Are we blind too?” Jesus said, “If you were blind, you would not be guilty of sin; but now that you claim you can see, your guilt remains.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:24-41 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Les pharisiens firent donc venir une seconde fois celui qui avait été aveugle et lui dirent : Honore Dieu en disant la vérité. Cet homme est un pécheur, nous le savons. – S’il est pécheur ou non, répondit-il, je n’en sais rien. Mais il y a une chose que je sais : j’étais aveugle et maintenant, je vois. Ils lui demandèrent de nouveau : Qu’est-ce qu’il t’a fait ? Redis-nous comment il s’y est pris pour t’ouvrir les yeux. – Je vous l’ai déjà dit, leur répondit-il, et vous ne m’avez pas écouté. Pourquoi tenez-vous à me le faire répéter ? Est-ce que, par hasard, vous avez l’intention de devenir vous aussi ses disciples ? Alors, ils se mirent à l’injurier et ils lui lancèrent : C’est toi qui es son disciple ; nous, nous sommes les disciples de Moïse. Nous savons que Dieu a parlé à Moïse ; mais celui-là, nous ne savons même pas d’où il vient. – C’est étonnant, répliqua l’homme. Voilà quelqu’un qui m’a ouvert les yeux et vous, vous ne savez même pas d’où il est. Tout le monde sait que Dieu n’exauce pas les pécheurs ; mais si quelqu’un est attaché à Dieu et fait sa volonté, il l’exauce. Depuis que le monde est monde, jamais on n’a entendu dire que quelqu’un ait rendu la vue à un aveugle de naissance. Si cet homme-là ne venait pas de Dieu, il n’aurait rien pu faire. – Comment ! répondirent-ils, depuis ta naissance tu n’es que péché des pieds à la tête, et c’est toi qui veux nous faire la leçon ! Et ils le mirent à la porte. Jésus apprit qu’ils l’avaient expulsé. Il alla le trouver et lui demanda : Crois-tu au Fils de l’homme  ? Il lui répondit : Qui est-ce ? Dis-le-moi, Seigneur, pour que je puisse croire en lui. Jésus lui dit : Tu le vois de tes yeux. C’est lui-même qui te parle maintenant. – Je crois, Seigneur, déclara l’homme, et il se prosterna devant lui. Jésus dit alors : Je suis venu dans ce monde pour qu’un jugement ait lieu, pour que ceux qui ne voient pas voient, et que ceux qui voient deviennent aveugles. Des pharisiens qui se trouvaient près de lui entendirent ces paroles et lui demandèrent : Serions-nous, par hasard, nous aussi des aveugles ? – Si vous étiez de vrais aveugles, leur dit Jésus, vous ne seriez pas coupables. Mais voilà : vous prétendez que vous voyez ; aussi votre culpabilité reste entière.

Pataje
Li Jan 9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an