Jan 9

9
Jezi geri yon nonm ki fèt avèg
1Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l wè yon #Tra 3.2; 14.8 nonm ki te avèg depi li te fèt. 2Disip #Lik 13.2; Egz 20.5 li yo mande li:
— Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l osinon peche manman l ak papa l ki lakòz sa?
3Jezi #Jan 11.4 reponn yo:
— Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. 4Toutotan #Jan 5.17,20; 11.9 fè klè toujou, se pou m fè travay moun ki voye m lan ban m fè a. Talè konsa pral fè nwit, pèsonn p'ap ka travay. 5Toutotan #Jan 8.12; 12.35 mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè.
6Apre #Mak 8.23 li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. 7Li di l konsa:
— Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a.
(Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.)
Avèg la ale, li lave figi li. Lè l tounen, li te ka wè nan tou de je l yo.
8Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di:
— Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!
9Gen moun ki t'ap di:
— Se li menm wi.
Gen lòt ki t'ap di tou:
— Non. Se pa li. Men, li sanble l anpil.
Lè sa a nonm lan di yo:
— Se mwen menm menm.
10Yo mande li:
— Kijan ou fè pa avèg ankò a?
11Li reponn yo:
— Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m ak labou a, epi li di m al lave figi m nan basen Siloe a. M ale. Lè m fin lave figi m, mwen wè m wè.
12Yo mande li:
— Kote nonm sa a?
Li reponn yo:
— Mwen pa konnen non.
Farizyen yo ap chache konnen ki jan nonm avèg la fè geri
13Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l bay farizyen yo. 14Se #Jan 5.9 te yon jou saba Jezi te fè labou a pou geri avèg la. 15Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sa k te pase ki te fè l ka wè kounyeya. Li di yo:
— Li mete ti kras labou sou je m yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, kounyeya mwen wè.
16Te #Jan 3.2; 7.43; 9.31,33 gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di:
— Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a.
Men, gen lòt ki t'ap di:
— Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa?
Te vin gen divizyon nan mitan yo.
17Farizyen #Jan 4.19 yo mande nonm ki te avèg la:
— Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye?
Li reponn:
— Se yon pwofèt li ye.
18Men, jwif yo pat vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l ak manman l pou poze yo keksyon. 19Yo mande yo:
— Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sa k pase l ki fè li wè kounyeya?
20Papa a ak manman an reponn yo:
— Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg. 21Men, nou pa konnen sa k pase l ki fè l wè kounyeya. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. L ase gran konsa. Li ka reponn li menm.
22Papa a #Jan 7.13; 12.42; 16.2 ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la. 23Se poutèt sa papa l ak manman l te di: l ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li.
24Farizyen #Joz 7.19 yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li:
— Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal.
25Li reponn yo:
— Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, kounyeya mwen wè.
26Yo mande li:
— Men, kisa l te fè? Ki jan l te fè pou louvri je ou yo?
27Li reponn yo:
— Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m redi l ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li?
28Yo joure l, yo di l konsa:
— Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz. 29Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l sòti.
30Nonm lan reponn yo:
— Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l sòti? Epi, se li menm ki louvri je m yo! 31Nou #Eza 1.15; Pwo 15.29; Tra 10.35 tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l, yon moun ki fè volonte l k'ap pale avè li. 32Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. 33Si #Jan 9.16 nonm sa a pat sòti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen.
34Yo #Jan 9.2; Sòm 51.5 reponn li:
— Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson kounyeya?
Epi yo mete l deyò nan sinagòg la.
Moun ki avèg nan lespri yo
35Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l, li di l konsa:
— Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a?
36Nonm lan reponn li:
— Mèt, di m ki moun li ye pou m ka kwè nan li?
37Jezi #Jan 4.26; 10.25 reponn li:
— Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi.
38Nonm lan di:
— Senyè, mwen kwè.
Epi li tonbe ajenou devan Jezi.
39#Mat 13.11-15 sa a, Jezi di:
— Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg.
40Te #Mat 15.14; 23.26 gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l:
— Eske nou menm tou, nou avèg?
41Jezi #Pwo 26.12 reponn yo:
— Si nou te avèg, nou pa ta koupab akòz sa. Men paske n'ap plede di: nou wè, nou wè, se poutèt sa peche nou rete sou nou toujou.

Chwazi Kounye ya:

Jan 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an