Jan 4:31-54

Jan 4:31-54 1998 Haïtienne (HAT98)

Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li: — Tanpri, Mèt, pran kichòy non! Men, li reponn yo: — Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen. Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: — Gen lè yon moun pote manje ba li. Jezi di yo: — Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan. Se pou m fin fè travay li ban m fè a. Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase. Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pat travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo. Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m tou sa m fè. Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l pou l rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la. Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo. Yo di fanm lan: — Si koulyeya nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou te rakonte nou an non, men tou se paske nou tande li, nou menm menm, ak pwòp zòrèy nou. Nou vin gen konviksyon se li menm vremanvre ki Sovè lemonn lan. Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, l'ale nan peyi Galile. Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm bay yon pwofèt konsiderasyon li merite nan peyi li. Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l, paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a. Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. Lè li vin konnen Jezi te sòti peyi Jide vin nan peyi Galile, l'al jwenn li, li mande l pou l'al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. Jezi di l konsa: — Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. Fonksyonè a reponn li: — Mèt, vin avè m non, anvan pitit mwen an gentan mouri. Jezi di li: — Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l la, l ale. Li tte sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: — Pitit ou a gaya nèt wi. Li mande yo: — Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: — Yè apremidi, bò inè konsa, lafyèb la tonbe. Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi. Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l tounen sòti Jide vini nan peyi Galile.

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:31-54 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pendant ce temps, les disciples de Jésus insistent : « Maître, mange donc ! » Mais il leur dit : « J’ai à manger une nourriture que vous ne connaissez pas. » Alors les disciples se demandent entre eux : « Est-ce que quelqu’un lui a apporté de la nourriture ? » Jésus leur dit : « Dieu m’a envoyé dans le monde. Ma nourriture, c’est de faire ce que Dieu veut et de réaliser jusqu’au bout le travail qu’il m’a donné. Vous-mêmes, vous dites : “Encore quatre mois et ce sera la récolte.” Mais moi, je vous dis : levez les yeux et regardez les champs ! Les épis sont déjà mûrs pour la récolte. Celui qui récolte reçoit déjà sa récompense et il rassemble tout pour vivre toujours avec Dieu. Alors celui qui sème et celui qui récolte sont joyeux tous les deux. En effet, il est bien vrai, ce proverbe : “Quelqu’un sème, un autre récolte.” Je vous ai envoyés récolter là où vous n’avez pas travaillé. D’autres ont travaillé et vous, vous profitez de leur fatigue. » Beaucoup de Samaritains de la ville de Sychar se mettent à croire en Jésus à cause des paroles de la femme. En effet, elle leur a affirmé : « Cet homme m’a dit tout ce que j’ai fait. » Quand les gens arrivent auprès de Jésus, ils lui demandent : « Reste chez nous ! » Et pendant deux jours, Jésus reste là. Alors les Samaritains sont encore plus nombreux à croire en lui, parce que c’est lui-même qui leur parle. Ils disent à la femme : « Maintenant, nous ne croyons plus seulement à cause de ce que tu as dit. Mais nous l’avons entendu nous-mêmes. Et nous le savons : le Sauveur du monde, c’est vraiment lui ! » Deux jours après, Jésus quitte cet endroit et il va en Galilée. Lui-même avait affirmé : « Un prophète n’est pas respecté dans son pays. » Mais quand il arrive en Galilée, les Galiléens le reçoivent bien. En effet, eux aussi sont allés à Jérusalem pour la fête de la Pâque et ils ont vu tout ce que Jésus a fait. Jésus revient donc à Cana, en Galilée, où il a changé l’eau en vin. Il y a là un fonctionnaire important. Son fils est malade à Capernaüm. Le fonctionnaire entend dire que Jésus arrive de Judée en Galilée. Alors il va le trouver et il lui dit : « Je t’en prie, viens à Capernaüm pour guérir mon fils. Il est mourant. » Jésus lui dit : « Vous voulez voir des signes et des choses extraordinaires, sinon, vous ne croyez pas ! » Le fonctionnaire lui répond : « Seigneur, viens chez moi avant que mon enfant meure ! » Jésus lui dit : « Va chez toi ! Ton fils est bien vivant. » L’homme croit à la parole de Jésus et il part. Il est encore sur le chemin quand ses serviteurs viennent à sa rencontre. Ils lui disent : « Ton enfant est bien vivant ! » Le fonctionnaire leur demande : « À quelle heure est-ce qu’il s’est trouvé mieux ? » Ils lui répondent : « Hier, à une heure de l’après-midi, la fièvre l’a quitté. » Le père s’aperçoit que c’est l’heure où Jésus lui a dit : « Ton fils est bien vivant. » Alors le fonctionnaire croit en Jésus et toute sa famille aussi. C’est le deuxième signe étonnant que Jésus fait. Cela se passe quand il revient de Judée en Galilée.

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:31-54 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!” Men Jezi reponn: “Mwen gen yon manje pou m manje nou pa konnen.” Disip yo t ap mande antre yo: “Èske gen yon moun ki ta gentan pote manje ba li?” Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a. Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.” Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di. Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.” Apre de jou, Jezi kite zòn nan, l al nan teritwa Galile. Jezi te di yon pwofèt pa gen okenn respè nan peyi li. Lè l rive Galile, moun yo te byen resevwa li, paske yo te ale nan fèt Pak la, Jerizalèm, epi yo te wè tout sa Li t ap fè nan fèt la. Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri. Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.” Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.” Jezi reponn li: “Ou mèt ale, pitit ou a geri.” Nonm nan te kwè sa Jezi te di l la, li retounen lakay li. Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.” Ofisye a mande: “Bò ki lè kon sa li te kòmanse fè mye?” Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.” Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se kon sa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi. Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:31-54 New International Version (NIV)

Meanwhile his disciples urged him, “Rabbi, eat something.” But he said to them, “I have food to eat that you know nothing about.” Then his disciples said to each other, “Could someone have brought him food?” “My food,” said Jesus, “is to do the will of him who sent me and to finish his work. Don’t you have a saying, ‘It’s still four months until harvest’? I tell you, open your eyes and look at the fields! They are ripe for harvest. Even now the one who reaps draws a wage and harvests a crop for eternal life, so that the sower and the reaper may be glad together. Thus the saying ‘One sows and another reaps’ is true. I sent you to reap what you have not worked for. Others have done the hard work, and you have reaped the benefits of their labor.” Many of the Samaritans from that town believed in him because of the woman’s testimony, “He told me everything I ever did.” So when the Samaritans came to him, they urged him to stay with them, and he stayed two days. And because of his words many more became believers. They said to the woman, “We no longer believe just because of what you said; now we have heard for ourselves, and we know that this man really is the Savior of the world.” After the two days he left for Galilee. (Now Jesus himself had pointed out that a prophet has no honor in his own country.) When he arrived in Galilee, the Galileans welcomed him. They had seen all that he had done in Jerusalem at the Passover Festival, for they also had been there. Once more he visited Cana in Galilee, where he had turned the water into wine. And there was a certain royal official whose son lay sick at Capernaum. When this man heard that Jesus had arrived in Galilee from Judea, he went to him and begged him to come and heal his son, who was close to death. “Unless you people see signs and wonders,” Jesus told him, “you will never believe.” The royal official said, “Sir, come down before my child dies.” “Go,” Jesus replied, “your son will live.” The man took Jesus at his word and departed. While he was still on the way, his servants met him with the news that his boy was living. When he inquired as to the time when his son got better, they said to him, “Yesterday, at one in the afternoon, the fever left him.” Then the father realized that this was the exact time at which Jesus had said to him, “Your son will live.” So he and his whole household believed. This was the second sign Jesus performed after coming from Judea to Galilee.

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:31-54 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Entre-temps, les disciples pressaient Jésus en disant : Maître, mange donc ! Mais il leur dit : J’ai, pour me nourrir, un aliment que vous ne connaissez pas. Les disciples se demandèrent donc entre eux : Est-ce que quelqu’un lui aurait apporté à manger ? – Ce qui me nourrit, leur expliqua Jésus, c’est d’accomplir la volonté de celui qui m’a envoyé et de mener à bien l’œuvre qu’il m’a confiée. Vous dites en ce moment : Encore quatre mois, et c’est la moisson ! N’est-ce pas ? Eh bien, moi je vous dis : Ouvrez vos yeux et regardez les champs ; déjà les épis sont blonds, prêts à être moissonnés. Celui qui les fauche reçoit maintenant son salaire et récolte une moisson pour la vie éternelle, si bien que semeur et moissonneur partagent la même joie. Ici se vérifie le proverbe : « Autre est celui qui sème, autre celui qui moissonne. » Je vous ai envoyés récolter une moisson qui ne vous a coûté aucune peine. D’autres ont travaillé, et vous avez recueilli le fruit de leur labeur. Il y eut, dans cette bourgade, beaucoup de Samaritains qui crurent en Jésus grâce au témoignage qu’avait rendu cette femme en déclarant : « Il m’a dit tout ce que j’ai fait. » Lorsque les Samaritains furent venus auprès de Jésus, ils le prièrent de rester, et il passa deux jours chez eux. Ils furent encore bien plus nombreux à croire en lui à cause de ses paroles, et ils disaient à la femme : Nous croyons en lui, non seulement à cause de ce que tu nous as rapporté, mais parce que nous l’avons nous-mêmes entendu ; et nous savons qu’il est vraiment le Sauveur du monde. Après ces deux jours, Jésus repartit de là pour la Galilée, car il avait déclaré qu’un prophète ne reçoit pas dans son pays l’honneur qui lui est dû. Or, quand il arriva en Galilée, les gens lui firent assez bon accueil, car ils étaient, eux aussi, allés à Jérusalem pendant la fête, et ils avaient vu tous les miracles qu’il y avait faits. Il repassa par Cana en Galilée, où il avait changé l’eau en vin. Or, à Capernaüm vivait un haut fonctionnaire dont le fils était très malade. Quand il apprit que Jésus était revenu de Judée en Galilée, il alla le trouver et le supplia de venir guérir son fils qui était sur le point de mourir. Jésus lui dit : A moins de voir des signes miraculeux et des choses extraordinaires, vous ne croirez donc pas ? Mais le fonctionnaire insistait : Seigneur, viens vite avant que mon petit garçon meure. – Va, lui dit Jésus, rentre chez toi, ton fils vit. Cet homme crut Jésus sur parole et il repartit chez lui. Sur le chemin du retour, plusieurs de ses serviteurs vinrent à sa rencontre et lui annoncèrent : Ton fils vit ! Il leur demanda à quelle heure son état s’était amélioré. Ils lui répondirent : C’est hier, vers une heure de l’après-midi, que la fièvre l’a quitté. Le père constata que c’était l’heure même où Jésus lui avait dit : « Ton fils vit. » Dès lors il crut, lui et toute sa maison. Tel est le deuxième signe miraculeux que Jésus accomplit en Galilée, après son retour de Judée.

Pataje
Li Jan 4

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an