Jan 4:31-54

Jan 4:31-54 HAT98

Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li: — Tanpri, Mèt, pran kichòy non! Men, li reponn yo: — Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen. Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: — Gen lè yon moun pote manje ba li. Jezi di yo: — Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan. Se pou m fin fè travay li ban m fè a. Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase. Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pat travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo. Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m tou sa m fè. Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l pou l rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la. Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo. Yo di fanm lan: — Si koulyeya nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou te rakonte nou an non, men tou se paske nou tande li, nou menm menm, ak pwòp zòrèy nou. Nou vin gen konviksyon se li menm vremanvre ki Sovè lemonn lan. Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, l'ale nan peyi Galile. Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm bay yon pwofèt konsiderasyon li merite nan peyi li. Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l, paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a. Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. Lè li vin konnen Jezi te sòti peyi Jide vin nan peyi Galile, l'al jwenn li, li mande l pou l'al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. Jezi di l konsa: — Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. Fonksyonè a reponn li: — Mèt, vin avè m non, anvan pitit mwen an gentan mouri. Jezi di li: — Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l la, l ale. Li tte sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: — Pitit ou a gaya nèt wi. Li mande yo: — Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: — Yè apremidi, bò inè konsa, lafyèb la tonbe. Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi. Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l tounen sòti Jide vini nan peyi Galile.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 4:31-54

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an