Jan 12:1-19

Jan 12:1-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an. Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye, nou ta bay pòv yo kòb sa a? Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l. Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou, men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.” Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi. Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele: “Louwanj pou SENYÈ a! Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a, wa Izrayèl la.” Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a: “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon, men Wa ou la ap vini, li monte yon jenn ti bourik.” Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li. Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Pataje
Li Jan 12

Jan 12:1-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Antan l te la, yo ofri l manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele n'a. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. Yonn nan disip Jezi yo, sa ki ta pral trayi l la, Jida Iskaryòt, di konsa: — Poukisa yo pat vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. Men, Jezi di li: — Kite l an repo! Kite l konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m nan kavo a. Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan. Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y'ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve sòti vivan nan lanmò a. Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi. Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la! Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. Disip yo pat konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l te rele Laza pou l te fè l sòti nan kavo a, lè l te fè l leve sòti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!

Pataje
Li Jan 12

Jan 12:1-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Six jours avant la fête de la Pâque, Jésus va à Béthanie. C’est le village de Lazare, l’homme qu’il a réveillé de la mort. Là, on offre un repas à Jésus. Marthe sert le repas, et Lazare est un de ceux qui mangent avec lui. Marie prend un demi-litre d’un parfum très cher, fait avec du nard pur, et elle le verse sur les pieds de Jésus. Ensuite, elle les essuie avec ses cheveux, et l’odeur du parfum remplit toute la maison. Alors Judas Iscariote, l’un des disciples de Jésus, celui qui va le trahir, se met à dire : « Il fallait vendre ce parfum pour 300 pièces d’argent et donner l’argent aux pauvres ! » Judas ne dit pas cela parce qu’il pense aux pauvres, mais parce que c’est un voleur. C’est lui qui garde le porte-monnaie et il prend ce qu’on met dedans. Mais Jésus dit : « Laisse-la tranquille ! Elle a fait cela d’avance pour le jour où on me mettra dans la tombe. Vous aurez toujours des pauvres avec vous, mais moi, vous ne m’aurez pas toujours. » Une grande foule de Juifs apprend que Jésus est à Béthanie. Ils y vont non seulement à cause de Jésus, mais aussi pour voir Lazare, que Jésus a réveillé de la mort. Alors les chefs des prêtres décident de faire mourir aussi Lazare. En effet, à cause de lui, beaucoup de Juifs les quittent et ils croient en Jésus. Le jour suivant, la grande foule qui est venue pour la fête de la Pâque apprend que Jésus arrive à Jérusalem. Les gens prennent des branches de palmiers et ils vont à sa rencontre en dehors de la ville. Ils crient : « Gloire à Dieu ! Que le Seigneur bénisse celui qui vient en son nom, le Roi d’Israël ! » Jésus trouve un petit âne et il s’assoit dessus. On lit cela dans les Livres Saints : « N’aie pas peur, ville de Sion ! Regarde ! Ton roi arrive ! Il est assis sur un petit âne. » Les disciples ne comprennent pas tout de suite ce qui se passe. Mais plus tard, quand Jésus recevra de Dieu la gloire, ils se souviendront : la foule a réalisé ces paroles des Livres Saints qui avaient été dites à son sujet. Beaucoup de gens étaient avec Jésus quand il a dit : « Lazare, sors de là ! » et quand il l’a réveillé de la mort. Et ils racontent ce qu’ils ont vu. C’est pourquoi la foule vient à la rencontre de Jésus. En effet, elle a appris le signe étonnant qu’il a fait. Alors les Pharisiens se disent les uns aux autres : « Vous voyez, vous n’arriverez à rien. Voilà que tout le monde marche derrière Jésus ! »

Pataje
Li Jan 12

Jan 12:1-19 New International Version (NIV)

Six days before the Passover, Jesus came to Bethany, where Lazarus lived, whom Jesus had raised from the dead. Here a dinner was given in Jesus’ honor. Martha served, while Lazarus was among those reclining at the table with him. Then Mary took about a pint of pure nard, an expensive perfume; she poured it on Jesus’ feet and wiped his feet with her hair. And the house was filled with the fragrance of the perfume. But one of his disciples, Judas Iscariot, who was later to betray him, objected, “Why wasn’t this perfume sold and the money given to the poor? It was worth a year’s wages.” He did not say this because he cared about the poor but because he was a thief; as keeper of the money bag, he used to help himself to what was put into it. “Leave her alone,” Jesus replied. “It was intended that she should save this perfume for the day of my burial. You will always have the poor among you, but you will not always have me.” Meanwhile a large crowd of Jews found out that Jesus was there and came, not only because of him but also to see Lazarus, whom he had raised from the dead. So the chief priests made plans to kill Lazarus as well, for on account of him many of the Jews were going over to Jesus and believing in him. The next day the great crowd that had come for the festival heard that Jesus was on his way to Jerusalem. They took palm branches and went out to meet him, shouting, “Hosanna!” “Blessed is he who comes in the name of the Lord!” “Blessed is the king of Israel!” Jesus found a young donkey and sat on it, as it is written: “Do not be afraid, Daughter Zion; see, your king is coming, seated on a donkey’s colt.” At first his disciples did not understand all this. Only after Jesus was glorified did they realize that these things had been written about him and that these things had been done to him. Now the crowd that was with him when he called Lazarus from the tomb and raised him from the dead continued to spread the word. Many people, because they had heard that he had performed this sign, went out to meet him. So the Pharisees said to one another, “See, this is getting us nowhere. Look how the whole world has gone after him!”

Pataje
Li Jan 12

Jan 12:1-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Six jours avant la Pâque, Jésus se rendit à Béthanie où habitait Lazare, qu’il avait ressuscité. On prépara là un festin en son honneur. Marthe s’occupait du service, et Lazare avait pris place à table avec Jésus. Marie prit alors un demi-litre de nard pur, un parfum très cher : elle le répandit sur les pieds de Jésus et les essuya avec ses cheveux. Toute la maison fut remplie de l’odeur de ce parfum. Judas Iscariot, l’un des disciples de Jésus, celui qui allait le trahir, dit : Pourquoi n’a-t-on pas vendu ce parfum ? On en aurait tiré au moins trois cents pièces d’argent qu’on aurait pu donner aux pauvres ! S’il parlait ainsi, ce n’était pas parce qu’il se souciait des pauvres ; mais il était voleur et, comme c’était lui qui gérait la bourse commune, il gardait pour lui ce qu’on y mettait. Mais Jésus intervint : Laisse-la faire ! C’est pour le jour de mon enterrement qu’elle a réservé ce parfum. Des pauvres, vous en aurez toujours autour de vous ! Tandis que moi, vous ne m’aurez pas toujours avec vous. Entre-temps, on apprit que Jésus était à Béthanie. Les gens s’y rendirent en foule, non seulement à cause de Jésus, mais aussi pour voir Lazare qu’il avait ressuscité. Alors les chefs des prêtres décidèrent aussi de faire mourir Lazare Car, à cause de lui, beaucoup se détournaient d’eux pour croire en Jésus. Le lendemain, une foule immense était à Jérusalem pour la fête. On apprit que Jésus était en chemin vers la ville. Alors les gens arrachèrent des rameaux aux palmiers et sortirent à sa rencontre en criant : Hosanna ! Béni soit celui qui vient au nom du Seigneur ! Vive le roi d’Israël ! Jésus trouva un ânon et s’assit dessus, selon cette parole de l’Ecriture : Sois sans crainte, communauté de Sion, car ton roi vient, monté sur un ânon . Sur le moment, ses disciples ne comprirent pas ce qui se passait, mais quand Jésus fut entré dans sa gloire, ils se souvinrent que ces choses avaient été écrites à son sujet et qu’elles lui étaient arrivées. Tous ceux qui étaient avec Jésus lorsqu’il avait appelé Lazare à sortir du tombeau et l’avait ressuscité, témoignaient de ce qu’ils avaient vu. D’ailleurs, si les foules venaient si nombreuses au-devant de lui, c’était aussi parce qu’elles avaient entendu parler du signe miraculeux qu’il avait accompli. Alors les pharisiens se dirent les uns aux autres : Vous le voyez : vous n’arriverez à rien, tout le monde le suit !

Pataje
Li Jan 12

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an