Jan 12:1-19

Jan 12:1-19 HAT98

Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Antan l te la, yo ofri l manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele n'a. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. Yonn nan disip Jezi yo, sa ki ta pral trayi l la, Jida Iskaryòt, di konsa: — Poukisa yo pat vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. Men, Jezi di li: — Kite l an repo! Kite l konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m nan kavo a. Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan. Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y'ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve sòti vivan nan lanmò a. Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi. Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la! Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. Disip yo pat konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l te rele Laza pou l te fè l sòti nan kavo a, lè l te fè l leve sòti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an