Travay 10:1-24

Travay 10:1-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: — Kònèy! Li gade zanj lan, li te pè, li di l konsa: — Sa k genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: — Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. Kounyeya, voye moun lavil Jope, fè y'al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè). Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a. Fini zanj Bondye a fin pale, l ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou. Li rakonte yo tou sa k te pase. Lèfini, li voye yo Jope. Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou l'al lapriyè. Grangou bare l, li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon: Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann sòti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè. Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo ladan li. Li tande yon vwa ki di l konsa: — Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje. Men, Pyè di: — Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Menm vwa a pale ankò, li di li: — Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, ou menm, pa di l pa bon. An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la. Pyè menm pat konn ki sans pou l te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la. Yo rele moun, epi yo mande: — Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li? Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l te bay vizyon an, lè Sentespri di li: — Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou. Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo. Pyè desann, l'al jwenn mesye yo, epi l di yo: — Se mwen menm n'ap chache a. Kisa k mennen nou isit la? Yo reponn: — Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l pou l te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l la. Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l tou. Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l ansanm ak kèk bon zanmi l li te envite lakay li.

Travay 10:1-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

À Césarée, il y a un homme appelé Corneille. Il est officier dans le régiment romain appelé « régiment italien ». Avec toute sa famille, il adore Dieu fidèlement. Il aide beaucoup les pauvres du peuple juif et prie Dieu régulièrement. Un jour, vers trois heures de l’après-midi, un ange de Dieu se montre à lui, Corneille le voit clairement. L’ange entre chez lui et lui dit : « Corneille ! » Celui-ci regarde l’ange et il a peur. Il dit : « Qu’est-ce qu’il y a, Seigneur ? » L’ange lui répond : « Dieu a accepté tes prières et les dons que tu fais aux pauvres, il ne t’oublie pas. Maintenant, envoie des hommes à Joppé pour faire venir un certain Simon qu’on appelle aussi Pierre. Il habite chez un autre Simon, un artisan qui travaille le cuir. Sa maison est au bord de la mer. » Ensuite, l’ange qui parlait à Corneille s’en va. Alors Corneille appelle deux serviteurs et un de ses soldats. Celui-ci est à son service depuis longtemps, et c’est un homme fidèle à Dieu. Corneille leur raconte tout ce qui s’est passé et il les envoie à Joppé. Le jour suivant, les serviteurs et le soldat sont en route et ils approchent de la ville de Joppé. Vers midi, Pierre monte sur la terrasse de la maison pour prier. Il commence à avoir faim et il veut manger. Pendant qu’on lui prépare un repas, Pierre voit quelque chose qui vient de Dieu. Il voit le ciel ouvert et un objet qui descend du ciel. Cet objet ressemble à une grande toile qu’on tient par les quatre coins. Elle vient se poser par terre. Dedans, il y a toutes sortes d’animaux : des animaux à quatre pattes, ceux qui rampent sur la terre et des oiseaux. Une voix dit : « Pierre, lève-toi ! Tue et mange ! » Pierre répond : « Non, Seigneur ! Je n’ai jamais mangé de nourriture interdite ou impure ! » Il entend la voix une deuxième fois. Elle lui dit : « Ce que Dieu a rendu pur, ne dis pas que c’est interdit ! » Cela se produit trois fois, et tout de suite après, l’objet est emporté dans le ciel. Pierre ne sait pas ce qu’il faut en penser. Il se demande : « Que veut dire ce que j’ai vu ? » Pendant ce temps, les hommes envoyés par Corneille ont cherché la maison de Simon. Et maintenant, ils sont là, devant la porte. Ils appellent et demandent : « Est-ce que Simon-Pierre habite ici ? » Pierre est toujours en train de réfléchir à ce qu’il a vu, mais l’Esprit Saint lui dit : « Il y a ici trois hommes qui te cherchent. Descends tout de suite et pars avec eux sans hésiter ! C’est moi qui les ai envoyés. » Pierre descend et dit aux hommes : « Vous cherchez quelqu’un ? C’est moi ! Pourquoi êtes-vous venus ? » Ils lui répondent : « Nous venons de la part de Corneille, un officier romain. C’est un homme droit qui adore Dieu, et tous les Juifs disent du bien de lui. Un ange de Dieu est venu lui donner ce conseil : “Fais venir Pierre dans ta maison et écoute ce qu’il va te dire.” » Alors Pierre fait entrer les trois hommes dans la maison et il les reçoit pour la nuit. Le jour suivant, Pierre part tout de suite avec les trois hommes. Quelques croyants de la ville de Joppé l’accompagnent. Le lendemain, il arrive à Césarée. Corneille l’attend déjà, il a rassemblé les gens de sa famille et ses meilleurs amis.

Travay 10:1-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali. Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan. Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!” Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo. Kounye a, voye kèk moun al lavil Jope pou y al chache yon nonm yo rele Simon. Li gen yon ti non Pyè. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon ki limenm se yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a.” Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou. Kònèy rakonte mesye yo tout sa k te pase a epi li voye yo ale Jope. Nan demen, bò midi, mesye yo te prèske rive Jope lè Pyè monte sou tèt kay la pou l priye. Pyè te vin grangou, li te anvi manje. Pandan yo t ap pare manje pou li, li fè yon vizyon. Li wè syèl la louvri epi yon bagay t ap desann sot nan syèl la. Li te sanble ak yon gwo dra mare nan kat pwent y ap file desann sou latè. Nan dra sa a, te gen tout kalite bèt kat pat, bèt ki trennen sou vant, ak tout kalite zwazo. Li tande yon vwa ki di l: “Pyè, leve, touye epi manje.” Men, Pyè reponn: “Non Mèt, mwen pa janm manje manje ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje mwen gen dwa manje.” Lè sa a, vwa a di l ankò: “Bondye gentan rann bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje.” Sa rive kon sa pandan twa fwa. Apre sa, dra a tounen monte nan syèl la ankò. Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an genyen. Pandan tan sa a, mesye yo te gentan jwenn kay kote Simon te ye a. Yo te gentan rive nan pòt la. Yo mande: “Èske se isit la Simon yo rele Pyè a fè ladesant?” Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an toujou lè Sentespri a di li: “Koute, gen twa mesye k ap mande pou ou.” Leve, desann anba a epi pati ak yo. Ou pa bezwen doute anyen, paske se mwen menm ki voye yo. Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?” Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.” Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou. Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.

Travay 10:1-24 New International Version (NIV)

At Caesarea there was a man named Cornelius, a centurion in what was known as the Italian Regiment. He and all his family were devout and God-fearing; he gave generously to those in need and prayed to God regularly. One day at about three in the afternoon he had a vision. He distinctly saw an angel of God, who came to him and said, “Cornelius!” Cornelius stared at him in fear. “What is it, Lord?” he asked. The angel answered, “Your prayers and gifts to the poor have come up as a memorial offering before God. Now send men to Joppa to bring back a man named Simon who is called Peter. He is staying with Simon the tanner, whose house is by the sea.” When the angel who spoke to him had gone, Cornelius called two of his servants and a devout soldier who was one of his attendants. He told them everything that had happened and sent them to Joppa. About noon the following day as they were on their journey and approaching the city, Peter went up on the roof to pray. He became hungry and wanted something to eat, and while the meal was being prepared, he fell into a trance. He saw heaven opened and something like a large sheet being let down to earth by its four corners. It contained all kinds of four-footed animals, as well as reptiles and birds. Then a voice told him, “Get up, Peter. Kill and eat.” “Surely not, Lord!” Peter replied. “I have never eaten anything impure or unclean.” The voice spoke to him a second time, “Do not call anything impure that God has made clean.” This happened three times, and immediately the sheet was taken back to heaven. While Peter was wondering about the meaning of the vision, the men sent by Cornelius found out where Simon’s house was and stopped at the gate. They called out, asking if Simon who was known as Peter was staying there. While Peter was still thinking about the vision, the Spirit said to him, “Simon, three men are looking for you. So get up and go downstairs. Do not hesitate to go with them, for I have sent them.” Peter went down and said to the men, “I’m the one you’re looking for. Why have you come?” The men replied, “We have come from Cornelius the centurion. He is a righteous and God-fearing man, who is respected by all the Jewish people. A holy angel told him to ask you to come to his house so that he could hear what you have to say.” Then Peter invited the men into the house to be his guests. The next day Peter started out with them, and some of the believers from Joppa went along. The following day he arrived in Caesarea. Cornelius was expecting them and had called together his relatives and close friends.

Travay 10:1-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A Césarée vivait un officier romain nommé Corneille qui avait un poste de commandement dans la cohorte appelée « l’Italique ». Il était pieux et craignait Dieu, avec tous les gens de sa maison. Il était généreux envers les pauvres du peuple et priait Dieu en tout temps. Un jour, vers trois heures de l’après-midi, il eut une vision : il vit distinctement un ange de Dieu qui entrait chez lui et qui lui dit : Corneille ! Corneille le regarda et, tout tremblant, demanda : Qu’y a-t-il, Seigneur ? L’ange lui répondit : Tes prières et tes largesses envers les pauvres ont été accueillies par Dieu et il est intervenu en ta faveur. C’est pourquoi ; maintenant, envoie des hommes à Jaffa pour faire venir ici un certain Simon que l’on surnomme Pierre. Il loge chez un autre Simon, un tanneur, qui habite une maison près de la mer. Dès que l’ange qui venait de lui parler fut parti, Corneille appela deux de ses serviteurs et l’un des soldats affectés à son service, qui était un homme pieux. Il leur raconta tout ce qui venait de se passer et les envoya à Jaffa. Le lendemain, tandis qu’ils étaient en chemin et se rapprochaient de Jaffa, Pierre monta sur la terrasse de la maison pour prier. Il était à peu près midi  : il eut faim et voulut manger. Pendant qu’on lui préparait son repas, il tomba en extase. Il vit le ciel ouvert et une sorte de grande toile, tenue aux quatre coins, qui s’abaissait et descendait vers la terre ; elle contenait toutes sortes d’animaux : des quadrupèdes, des reptiles et des oiseaux. Il entendit une voix qui lui disait : Lève-toi, Pierre, tue ces bêtes et mange-les. – Oh non ! Seigneur, répliqua Pierre, car jamais de ma vie je n’ai rien mangé de souillé ou d’impur. Mais la voix reprit et dit : Ce que Dieu a déclaré pur, ce n’est pas à toi de le considérer comme impur. Par trois fois, cela se renouvela, puis la nappe disparut dans le ciel. Pierre était fort perplexe et se demandait ce que cette vision signifiait. Pendant ce temps, les hommes envoyés par Corneille s’étaient renseignés pour savoir où se trouvait la maison de Simon, et ils se présentèrent à la porte d’entrée : ils appelèrent et demandèrent si c’était bien là que logeait Simon, surnommé Pierre. Comme Pierre en était toujours à réfléchir sur sa vision, l’Esprit lui dit : Ecoute, il y a trois hommes qui te demandent. Va, descends et pars avec eux sans hésiter, car c’est moi qui les ai envoyés. Alors Pierre descendit et se présenta en disant : Me voilà, c’est moi que vous cherchez. Pourquoi êtes-vous venus ? – Nous venons de la part du centurion Corneille, répondirent-ils. C’est un homme droit, qui craint Dieu et qui jouit de l’estime de toute la population juive. Un ange de Dieu lui a demandé de te faire venir dans sa maison pour écouter ce que tu peux avoir à lui dire. Alors Pierre les fit entrer et leur offrit l’hospitalité pour la nuit. Le lendemain, il se mit en route avec eux, accompagné de quelques frères de Jaffa. Le jour suivant, il arriva à Césarée. Corneille les attendait ; il avait invité sa parenté et ses amis intimes.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an