Lik 24

24
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)
1Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. 2Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. 3Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. 4Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. 5Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? 6Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. 7Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” 8Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.
9Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.#24:12 Gen kèk vèsyon Grèk ki pa gen vèsè sa a.
Sou chemen emayis
(Mak 16:12-13)
13Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt#24:13 onz (11) kilomèt Literalman, “60 estad”. kon sa de vil Jerizalèm. 14De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou kon sa a pandan n ap mache a?”
Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”
19Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”
Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.
22Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”
25Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou kon sa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.
28Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.
30Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”
33Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”
35Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
36Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!”
37Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. 38Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble kon sa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? 39Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”
40Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. 41Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” 42Yo ba l yon moso pwason boukannen. 43Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout.
44Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”
45Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, kon sa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”
Jezi retounen nan syèl
(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)
50Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Lik 24: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an