Kol 1

1
1Mwen menm Pòl, apot Jezikris,#1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout.
2M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze.
3Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an. 4Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. 5Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja. 6Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre. 7Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou#1:7 nou Anpil nan ansyen kopi Grèk yo genyen “ou”. nan sèvis li pou Kris. 8Epafras pale nou tou sou renmen Sentespri a ban nou pou lòt moun.
9Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou:
Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. 10Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye#1:10 fè lwanj pou Bondye Oubyen “relasyon nou vin gen ak Bondye ap pwodui tout kalite bòn zèv chak jou pi plis.” epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. 11Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.
12Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. 13Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. 14Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.
Pitit Bondye a se menm ak Bondye
15Pèsonn pa kapab wè Bondye,
men se pitit la sèlman yo ka wè,
ki menm jan ak Bondye nan tout pwen.
Se li k ap gouvène tout kreyasyon an,
kòm premye pitit gason li.
16Se ak puisans Pitit la Bondye
te kreye tout bagay ki egziste,
kit sa ki nan syèl moun pa ka wè,
kit sa ki sou latè moun ka wè,
wa yo, gwo chèf yo,
pouvwa yo, otorite yo,
tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la,
epi pou Pitit la.
17Pitit la te la anvan tout bagay te kreye.
Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste.
18Li se tèt legliz la ki se kò a.
Li se kòmansman tout bagay.
Li se premye pami moun ki gen
pou leve soti vivan nan lanmò.#1:18 premye … lanmò Literalman, “premye moun ki leve soti vivan nan lanmò.”
Sa fè se li ki gen premye plas
epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.
19Se yon plezi Bondye pran
pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la.
20Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay
ak li menm ankò pa mwayen Pitit la.
Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè
Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè,
menm jan ak sa ki nan syèl la.
21Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo. 22Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li. 23Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.
Travay Pòl pou legliz la
24Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la. 25Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote. 26Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a. 27Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. 28Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la. 29Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.

Chwazi Kounye ya:

Kol 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an