Trav 8

8
1Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. 3Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. 4Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.
Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari
5Filip#8:5 Filip Sa a se pa menm Filip ki te apot la. desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. 6Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. 7Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. 8Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.
9Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.
14Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo. 15Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo priye pou kwayan yo kapab resevwa Sentespri a. 16Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a. 17Lè Pyè ak Jan fin priye pou yo epi mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri a.
18Lè Simon wè Sentespri a desann sou kwayan yo lè apot yo mete men sou tèt yo, li ofri apot yo lajan. 19Li di yo: “Ban m kalite pouvwa sa a pou lè m mete men m sou yon moun, li ka resevwa Sentespri a tou.”
20Men, Pyè di li: “Ou pral peri ak tout lajan w lan, poutèt ou panse ou kapab achte kado Bondye bay la ak lajan. 21Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye. 22Chanje lide w sou bagay konsa. Priye Senyè a pou wè si l ta padone w dèske ou te gen vye lide kon sa nan kè w. 23Paske m wè jalouzi fè kè w anmè kou fyèl, epi tou mechanste fin tounen yon pati nan lavi w.”
24Simon reponn: “Tanpri, m ta vle nou toulède priye Senyè a pou mwen pou anyen nan sa nou sot di yo pa rive m.”
25Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fin i, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.
Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi
26Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”
27Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.#8:27 yon enik Yon Enik se te yon moun ki te konsakre pou sèvi wa osinon rèn nan pòs kote yo te bezwen moun yo kapab fè konfyans anpil. Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. 28Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a.
29Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” 30Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. 32Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a:
“Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa,
li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li.
Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye.
Yo p ap janm pale de pitit pitit li,
paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.”#Eza 53:7-8.
34Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale kon sa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” 35Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.
36Pandan yo t ap vwayaje kon sa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” 37#8:37 Kèk nouvo kopi sou Travay Apot yo ajoute vèsè 37 la: Filip reponn: “Si ou kwè ak tout kè w, li posib pou ou batize.” Enik la di: “Mwen kwè Jezikris se pitit Bondye a.” 38Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. 40Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

Chwazi Kounye ya:

Trav 8: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an