2 Kor 9

9
Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan
1An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. 2Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. 3Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an. 4Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont! 5Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.
6Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. 7Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. 8Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, kon sa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. 9Jan Bib la di l la:
“Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo.
Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.”#Sòm 112:9.
10Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. 11Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.
12Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. 13Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. 14Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye. 15Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!

Chwazi Kounye ya:

2 Kor 9: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an