Mak 8

8
Jezi bay katmil moun manje
(Matye 15.32-39)
1Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te #Mat 15.32-39 sanble ankò. Yo pat gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa:
2— Kè m #Mak 6.34-44 fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo fin manje tou sa yo te pote. 3Si m voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki sòti byen lwen.
4Disip li yo reponn li:
— Nan dezè sa a, ki bò pou n jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?
5Jezi mande yo:
— Konbe pen nou gen la a?
Yo reponn:
— Nou gen sèt pen.
6Lè sa a, li fè foul la chita. Li pran sèt pen yo. Li rann Bondye gras. Li separe yo epi li bay disip yo distribye bay foul la. Disip yo mache bay tout moun pen. 7Te gen kèk pwason la tou. Jezi rann Bondye gras pou yo, epi li mande disip yo mache distribye bay tout moun. 8Tout #Det 28.5 moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. 9Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale. 10Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, l'ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta.
Farizyen yo mande pou Jezi fè mirak
(Matye 16.1-4)
11Farizyen #Mat 16.1-12 yo #Jan 6.30 vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a. 12Jezi bay yon gwo soupi nan kè l, li di yo konsa:
— Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.
13Apre sa, li vire do l ba yo, li tounen nan kannòt la. Li pati pou lòt bò lanmè a.
Ledven farizyen yo ak ledven Ewòd la
(Matye 16.5-12)
14Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la. 15Jezi #Lik 12.1; Mak 3.6 ba yo lòd sa a:
— Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.
16Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt:
— Se paske nou pa gen pen kifè l di nou sa.
17Jezi #Mak 6.52 vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo:
— Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa? 18Gen #Jer 5.21; Eze 12.2 lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gentan bliye? 19Lè m te #Mak 6.41-44 separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale?
Yo reponn li:
— Douz panyen.
20Jezi mande yo ankò:
— Lè m te #Mak 8.6-9 separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale?
Yo reponn li:
— Sèt panyen.
21Lè sa a li di yo:
— Nou pa konprann toujou?
Jezi geri yon avèg Betsayda
22Apre #Mak 6.56 sa, y'ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l te manyen li. 23Jezi #Mak 7.32,33; Jan 9.6 pran men avèg la, li mennen li soti nan bouk la. Li pran yon ti krache mete sou je avèg la. Apre sa, li poze men li sou tèt epi li mande li:
— Eske ou wè kichòy?
24Avèg la louvri je l, li di:
— Mwen wè moun k'ap mache. Yo sanble pyebwa.
25Jezi repoze men li sou je avèg la ankò. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay byen klè. 26Jezi #Mak 7.36; 8.27—9.1; Mat 16.13-28; Lik 9.18-27 voye l al lakay li, li di l konsa:
— Pa antre nan bouk la.
Pyè rekonèt Jezi se Kris la
(Matye 16.13-20; Lik 9.18-21)
27Jezi pati ak disip li yo apre sa. L'ale nan tout bouk Sezare Filip la. Twouve, antan yo t'ap mache konsa, li mande disip li yo:
— Kilès moun yo di mwen ye?
28Yo #Mak 6.15 reponn li:
— Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo.
29Li #Jan 6.67-69 mande yo ankò:
— Bon, nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye?
Pyè reponn li:
— Ou se Kris la.
30#Mak 9.9 sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa.
Jezi anonse lanmò li ak rezireksyon li
(Matye 16.21-28; Lik 9.22-27)
31Apre sa, li konmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa:
— Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m. Men sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan pami mò yo.
32Jezi t'ap pale kare ak yo. Men Pyè rele li sou kote epi li kòmanse fè li repwòch.
33Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa:
— Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
34Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa:
— Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l chaje kwa l sou zepòl li epi swiv mwen. 35Paske, #Mat 10.39 moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li. 36Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li? 37Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l gen lavi? 38Si #Mat 10.33 yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m lan, m'a wont pran li pou moun pa m tou.

Chwazi Kounye ya:

Mak 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an