Mak 8:22-38

Mak 8:22-38 HAT98

Apre sa, y'ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l te manyen li. Jezi pran men avèg la, li mennen li soti nan bouk la. Li pran yon ti krache mete sou je avèg la. Apre sa, li poze men li sou tèt epi li mande li: — Eske ou wè kichòy? Avèg la louvri je l, li di: — Mwen wè moun k'ap mache. Yo sanble pyebwa. Jezi repoze men li sou je avèg la ankò. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay byen klè. Jezi voye l al lakay li, li di l konsa: — Pa antre nan bouk la. Jezi pati ak disip li yo apre sa. L'ale nan tout bouk Sezare Filip la. Twouve, antan yo t'ap mache konsa, li mande disip li yo: — Kilès moun yo di mwen ye? Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo. Li mande yo ankò: — Bon, nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la. Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa. Apre sa, li konmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m. Men sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan pami mò yo. Jezi t'ap pale kare ak yo. Men Pyè rele li sou kote epi li kòmanse fè li repwòch. Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle. Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l chaje kwa l sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li. Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l gen lavi? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m lan, m'a wont pran li pou moun pa m tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an