Mak 13

13
Jezi anonse tanp lan gen pou l kraze
(Matye 24.1-2; Lik 21.5-6)
1Antan Jezi t'ap soti nan Tanp lan, yonn #Mat 24.1-51; Lik 21.5-36 nan disip li yo di li konsa:
— Mèt, ala bèl kalite wòch! Ala yon gwo batisman!
2Jezi reponn li:
— Ou wè gwo batisman sa a: Yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Malè k'ap rive anvan lafen an
(Matye 24.3-14; Lik 21.7-19)
3Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a:
4— Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?
5Lè sa a Jezi pran di yo:
— Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. 6Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. 7Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. 8Yon #Eza 19.2; 2 Kwo 15.6 pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. 9Men, #Mat 10.17-22; Lik 21.12-17 nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m temwen devan yo. 10Anvan #Mak 16.15 sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo. 11Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di. Men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. 12Frè #Mi 7.6 va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l ak papa l, l'a fè touye yo. 13Tout #Jan 15.21 moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
Bagay k'ap bay gwo lapenn lan
(Matye 24.15-28; Lik 21.20-24)
14Nou #Da 9.27; 12.4,10 gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l pat dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn. 15Se pou moun ki sou teras kay yo pa desann, ni antre pran afè yo. 16Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo. 17Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo. 18Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi. 19Paske #Da 12.1; Jowèl 2.2 jou sa a, n'a wè lafliksyon moun poko janm wè depi latè egzis. P'ap janm gen lòt lafliksyon tankou li konsa ankò. 20Si Mèt la pa te deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap ka sove. Men li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi mete apa pou li yo. 21Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li. 22#Det 13.1 sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. 23Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.
Moun Bondye te voye nan lachè a ap tounen
(Matye 24.29-31; Lik 21.25-28)
24Men #Eza 13.10 nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè. 25Zetwal #Eza 34.4 yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble. 26#Da 7.13 sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay. 27M'a #Zak 2.6; Det 30.4; Mat 13.41 voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.
Pran leson sou pye fig frans lan
(Matye 24.32-35; Lik 21.29-33)
28Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l konmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen lete sou nou. 29Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. #13.29: Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la: Osinon lè a toupre, li sou nou deja. 30Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. 31Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. 32Pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
33Kenbe kò nou. Pa kite dòmi pran nou. Paske nou pa konnen ki lè lè a va rive. 34Se #Mat 25.14; Lik 19.12 tankou lè yon nonm pati l'al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè. Li bay gadyen pòt la lòd pou l pa dòmi. 35Se #Lik 12.38 poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten. 36Si l rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi. 37Sa m di nou la a, mwen di l pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Chwazi Kounye ya:

Mak 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an