Mak 13:1-13

Mak 13:1-13 HAT98

Antan Jezi t'ap soti nan Tanp lan, yonn nan disip li yo di li konsa: — Mèt, ala bèl kalite wòch! Ala yon gwo batisman! Jezi reponn li: — Ou wè gwo batisman sa a: Yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a: — Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive? Lè sa a Jezi pran di yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di. Men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l ak papa l, l'a fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an