Matye 20

20
Parabòl moun ki pat antre menm lè nan travay la
1— Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan #Mat 21.33 syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki sòti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l lan. 2Li antann ak yo pou l ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. 3Li sòti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. 4Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. 5Epi y'al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an sòti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. 6Li te vè senkè nan apremidi lè li sòti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? 7Yo reponn li: Se paske pèsonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan.
8— Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Konmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. 9Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. 10Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo ta pral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. 11Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. 12Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n travay tout jounen an anba chalè solèy la.
13— Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? 14Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. 15Eske m #Wòm 9.16,21; Mat 6.23 pa gendwa fè sa m vle ak lajan mwen? Osinon, eske sa fè ou mal si m gen bon kè?
16Apre #Mat 19.30 sa, Jezi di yo ankò:
— Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
Jezi anonse lanmò li yon twazyèm fwa
(Mak 10.32-34; Lik 18.31-34)
17Apre #Mak 10.32-34; Lik 18.31-33 sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:
18— Tande. #Mat 16.21; 17.22,23 Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, 19y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò.
Manman Jak ak Jan fè Jezi yon demann pou pitit li yo
(Mak 10.35-45)
20#Mak 10.35-45 sa a, #Mat 10.2 manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l yon favè. 21Jezi #Mat 19.28 di li:
— Kisa ou vle?
Madanm lan reponn:
— Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
22Jezi #Mat 26.39; Jan 18.11; Lik 12.50 reponn li:
— Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a?
Yo reponn li:
— Nou kapab.
23Jezi reponn yo:
— Se vre. N'a bwè nan gode m lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle.
24#Lik 22.24-26 dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou de frè yo. 25Jezi rele yo, li di yo:
— Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. 26Men, #Mat 23.11 se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. 27Si #Mak 9.35 yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout. 28Paske #Lik 22.27; Fil 2.7; 1 Tim 2.6 mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Jezi geri de avèg
(Mak 10.46-52; Lik 18.35-43)
29Antan #Mak 10.46-52; Lik 18.35-43 yo t'ap sòti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. 30Te #Mat 15.22 gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele:
— Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
31Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd:
— Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!
32Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo:
— Kisa nou vle m fè pou nou?
33Yo di li:
— Mèt, fè nou rewè ankò.
34Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Chwazi Kounye ya:

Matye 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an