Matye 15:21-39

Matye 15:21-39 HAT98

Jezi kite kote l te ye a, l'ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon. Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: — Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l anpil. Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Fè l ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou. Jezi reponn: — Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen. Men, fanm lan vini, li lage kò l nan pye Jezi, li di li konsa: — Mèt, fè kichòy pou mwen non. Jezi reponn li: — Li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: — Se vre wi, Mèt! Men ti chen ki anba tab mèt li, li ka manje ti kal ki tonbe atè yo. Lè sa a, Jezi di li: — Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l la. Menm lè a, pitit fi l la geri. Jezi kite kote l te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la. Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la. Jezi rele disip li yo, li di: — Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an. Disip yo mande li: — Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje? Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: — Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason. Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè. Li pran sèt pen yo ak pwason yo. Li rann Bondye gras. Li kase yo renmèt disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo. Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, l'ale nan yon peyi yo rele Magadan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an