Lik 1:26-56

Lik 1:26-56 HAT98

Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: — Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li. Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa: — Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an