Jan 6:45-71

Jan 6:45-71 HAT98

Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun. Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: — Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l pou n manje? Jezi di yo: — Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan. Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay. Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: — Pawòl sa a di. Ki moun ki ka sipòte tande yon koze konsa? Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: — Sa ofiske nou, pa vre? Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l te ye anvan an? Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi. Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.) Li di ankò: — Se poutèt sa mwen te di nou: pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li. Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò. Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: — Nou menm, nou pa vle ale tou? Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a. Jezi reponn yo: — Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab. Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki ta pral trayi li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an